
Pou yon twazyèm fwa, fim “Lonbraj pye Ceiba a” (La Sombra de la Ceiba) reyalizatè ayisyen Feguenson Hermogène nan atire atansyon yon jiri. Kout metraj sa a nan mitan 6 pi bon kout metraj kiben nan Festival Cinelatino Tuebingen ki te fèt an Almay soti 1ye rive 8 me 2024.
Pou reyalizatè Feguenson Hermogène, istwa kout metraj sa a vini apre yon rankont li te fè ak yon pratikan Palo Monte, ki se yon tradisyon relijye afro-kiben. Palo Monte, li kontinye, gen yon tradisyon kominikasyon ak lespri ak mò.
Feguenson Hermogène sèvi ak tradisyon kominikasyon ak lespri a kòm yon pretèks pou eksplore e vwayaje nan linivè Palo Monte, ki tou pre vodou ayisyen an nan fason yo pratike l.
Fim sa a se yon pwodiksyon Lekòl Entènasyonal Sinema ak Televizyon. Yo te deja chwazi l nan de lòt festival, tankou “Latino and Native American Film Festival” nan mwa avril pase a, Ozetazini.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 14 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





