Antrepriz kanadyen Leta ayisyen an te pase kòmand machin blende bò kote l pou ranfòse kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), INKAS, soti nan silans li pou demanti sa li rele « enfòmasyon manti » kèk medya ann Ayiti ap fè sikile.
« Nou gen lapenn pou n aprann kèk ògàn laprès ann Ayiti panse yo gen yon lisans gratis pou gaye manti ignob sou òganizasyon nou, sou aktivite nou ak sitou sou obligasyon nou. Nou toujou eseye rete diskrè epi ede pèp ayisyen an ak Polis nasyonal ayisyen an, pa sèlman otan nou kapab, men byen lwen pi plis », nou ka li sou sit ofisyèl INKAS.
Vre, founisè a fè konnen pwodiksyon li paralize akòz pèturbasyon chèn apwovizyònman mondyal la ki afekte tout gwo konstriktè otomobil yo. « Nou bay plizyè lòt machin blende pou transpòte twoup, machin blende, dwòn wo gam ak plizyè long misyon fòmasyon, ansanm ak antretyen machin Polis Nasyonal d Ayiti, tout gratis pou nasyon ayisyen an », INKAS enimere, li presize Gouvènman ayisyen an poko peye l tout montan kòmand lan kontrèman ak sa y ap di nan laprès ann Ayiti.
« Afime nou resevwa 100 % peman inisyal la pa kòrèk tou epi franchman se yon ensilt – nou depanse yon sòm lajan ki depase mezi pou tranzaksyon sa a epi kounye a n ap pèdi. Nou resevwa sèlman yon avans epi depi lè sa a, n ap depanse pwòp lajan nou », konpayi an presize.
Li di li angaje pou sipòte PNH ak pèp ayisyen an menm pi lwen pase kapasite li, antrepriz INKAS esplike reta nan livrezon yo baze sou pwoblèm chèn apwovizyònman. « Tout lemonn, ak tout endistri otomobil la ap soufri de sa. Nou te trè transparan depi nan kòmansman, sou chak pwoblèm, epi nou pa t kache. Nou pase tan ann Ayiti, nou rankontre politisyen ak polisye, nan chak etap chemen an », INKAS konkli.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





