Mèkredi 25 novanm 2026

Kilti

« Kèskonfè » Gaëlle Bien-Aimé, yon retou pou yon piblik ki swaf ri

Pa Hebdo24

· Mete ajou 15 novanm 2026 · 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Nan fen ane ki sot pase a, ri enstale yon lòt fwa ankò lakay kèk abitan kapital la. 30 desanm 2023, talantye komedyèn Gaëlle Bien-Aimé fè piblik la ri, pou yon dezyèm fwa, ak espektak imè li ki rele « Kèskonfè ». Espektak sa a ki vle plis pase yon senp espektak stand-up fèt ak tout plas vann, nan otèl Royal Oasis Petyonvil.

Anvan dezyèm randevou sa a, se yon retou sou sèn imoris la te siyen ak lansman show « Kèskonfè » a 16 ak 17 desanm 2023, nan otèl Royal Oasis. Yon long peryòd absans sou sèn te make karyè imoris la. Kounye a, atant fanatik san kondisyon bon imè l yo te oblije sibi a fini! ‘’Dayiva’’ a finalman fè gwo retou l sou sèn. Pandan yon entrevi li bay Ayibopost, vedèt la konfye li te kòmanse ekri espektak sa a depi oktòb 2022 anvan li kanpe yon ti moman pou l reprann li an avril 2023.

_Castigat ridendo mores._ Atravè show li, Gaëlle lonje dwèt sou plizyè sijè serye ki mande atansyon nou e ki pouse nou nan refleksyon pwofon. Imoris la pa kite anyen pase an silans: soti nan kolorism ki deranje an Ayiti rive nan pwoblèm enjonksyon sou kò fanm, pase pa ensekirite ak enstabilite politik. Tout bagay se matyè pou eksplwate pou moun ki bati yon pèsonaj moun adore sou rezo yo, sa vle di Madan Appolon ki rale yon lejyon followers.

Kidonk, « Kèskonfè » Gaëlle Bien-Aimé pa sèlman yon espektak imè, men tou yon radyografi. Pandan l ap fè moun ri byen fò, istwa kaptivan l yo, cham natirèl li ak imè byen file l envite nou poze tèt nou kesyon sou anpil aspè nan sosyete nou an. Abilite l pou l abòde sijè varye ak yon touch pèsonèl te toujou fè moun admire l e fè espektatè yo kontan. Gaëlle ap tise twal emosyon pandan l ap denonse sa ki pa mache dwat. Espektatè l yo ki swaf ri toujou repati satisfè apre yo fin fè plen imè nan sware l yo ki chaje ak ri e ki nan pi wo nivo divètisman.

Gaëlle Bien-Aimé se komedyèn, dramatij e militan. Ativis la dirije ACTE, yon lekòl la dramatik nan Pòtoprens, ki fòme yon bèl jenerasyon komedyen ak komedyèn. Talantye imoris Cantave K fè pati ansyen elèv lekòl sa a. Gaëlle te envite donè lejandè Festival En Lisant, an desanm 2023. Anplis, li te laureya Rezidans ekriti Afrik-Ayiti 2022 e pyès li « Port-au-Prince et sa douce nuit » genyen Pri RFI Teyat 2022.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here