Mèkredi 25 novanm 2026

Kilti

Juno Jean Baptiste retounen sou move kout Palman an

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Jounalis Juno Jean Baptiste pral soti premye liv li byento. Moun ki te kouvri aktivite nan Palman an pou Le Nouvelliste anonse nouvèl la lendi 18 septanm sa a sou rezo sosyal yo. « Les Manœuvres et les Griffes, une plongée intime dans les secrets du Parlement » pral byento an siyati nan yon otèl nan Pòtoprens.

« Se yon liv kont amnezi kolektif ki la a », li di, pandan yon entèvyou li bay redaksyon nou an. « Se echèk, dekadans ki fè wont, pratik koripsyon ak lòt eskandal ki fè gwo bri ki sal imaj Palman an pandan dènye lejislati a ke fòk nou ekri e rakonte, paske si nou pa fè sa, yo pral efase, byen vit, nan memwa kolektif la », Juno Jean Baptiste eksplike, kofondatè Pappost, kòmantatè politik tou sou Radio Mega nan emisyon Boukante Lapawòl.

« E istwa, tankou lanati, pa tolere vid. Kidonk echèk sa yo – ki kontribye anpil nan kriz politik aktyèl la – riske ranplase pa apwoksimasyon, lejann ak lòt envansyon fantezis e sibjektif. Se poutèt sa mwen deside ekri liv sa a », Juno Jean Baptiste, jounalis depi dizan, jistifye.

Kòm jounalis akredite nan Palman an pou Le Nouvelliste, Juno Jean Baptiste te temwen tout dezas, tout enpòsti ak tout popilis ki te mennen nan eliminasyon Palman an an janvye 2020.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here