
Depi kòmansman ane 2024, manifestasyon antigouvènmantal yo ap miltipliye. Yon vil pwovens apre lòt ap egzije depa san kondisyon Premye minis Ariel Henry.
Mèkredi 17 janvye 2024 sa a, plizyè vil pwovens tankou Jeremi, Okay, Wanament, Gonayiv t ap bouyi. Manifestan te nan lari pou mande newochiriyen 74 an an kite Primati a, yo jije li enkonpetan pou pòs la. Ensekirite k ap fè ravaj nan peyi a ak mizè popilasyon an ap fonse ladan l se kèk nan rezon manifestan yo avanse pou mande depa ekip ki sou pouvwa a.
Manifestasyon yo pa t fèt san deraj. Wanament, yo siyale Hamprey Charles, 24 an, blese anba bal. Jeremi, te gen afwontman ant manifestan yo ak moun ki rete bò kote yo. An paralèl, Gonayiv, yo tande tire sporadik, sa ki paralize tout aktivite nan Vil Endepandans lan.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





