Jèn dramatij ayisyen an, Jean D’Amérique, se gwo ganyan pri RFI teyat 2021 gras a zèv li ki rele: “OPERA POUSSIÈRE”.
Se atravè yon apèl telefòn otè senegalèz Ken Bugul, ki te prezide jiri a, te anonse Jean D’Amérique nouvèl la depi RFI.
« Men non, sa pa posib », otè a te reyaji lè l aprann li te kouwone laureya 8yèm edisyon pri sa a. Sezi, se ak yon santiman fyète ak lajwa otè « Soleil à Coudre » di li resevwa pri prestijye sa a.
Nan zèv sa a ki fè l genyen gwo pri sa a, Jean D’Amérique limen pwojektè a sou lavi « Sanite Bélaire », ewoyin lit pou endepandans Ayiti a, ki, dapre otè a, jete nan bliyans.
Fèt Kòt de Fè 4 desanm 1994, Jean D’Amérique, ki fèt ak non Jean Civilus, te resevwa onè plizyè fwa pou travay li. Li te resevwa mansyon espesyal pri René Philoctète an 2015 ak rekèy powèm li ki rele: « Petite fleur du Ghetto ».
2 an pita, jèn Kòtdefè a te laureya pri powezi Vocation pou Nul chemin dans la peau que saignante étreinte.
Jean D’Amérique se powèt, womansye ak dramatij. Men lavi l sitou ante pa powezi.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





