Ayisyèn, Ayisyen,
Konpatriyòt tout kote atravè lemonn,
M ap pale ak nou jodi a paske gen ijans! Ijans pou nou rebati sou nouvo baz nasyon lib sa a zansèt vanyan nou yo kite pou nou ak pri san yo ak chè yo. Ijans pou nou jwenn yon solisyon Ayisyen pou sitiyasyon sa a ki dire twòp! Vre, peyi a rete ap goumen ak pwoblèm ki terib.
Depi endepandans nou, se sèlman twoub ak enstabilite nou konnen ni sou plan politik ni sou plan sosyoekonomik.
Soti 1804 rive 2021, peyi a konnen sèlman 13 chèf Leta ki fini manda yo, 27 koudeta ak 15 prezidan pwovizwa, konsa yo mennen peyi a de kriz an kriz. Chak kriz louvri chemen pou yon lòt ki pi katastwofik pase sa ki te anvan an.
Kidonk, nou gen yon tablo endis devlopman imen ki pi sonb pase tout tan. An 2021, PIB pa abitan te 1 815 USD, pi ba nan rejyon Amerik Latin-Karayib la sa vle di mwens pase yon senkyèm (1/5) mwayèn lan konpare ak lòt peyi ki gen yon PIB 15 092 USD (sous Bank Mondyal). Dapre dènye bilten Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI), endis jeneral pri a konsomasyon (IPC100 an 2017-2018) montre yon gwo varyasyon chak mwa 3,2% ak yon ogmantasyon pa ane 30,5%.
Enflasyon sa a se akòz pèturbasyon repete aktivite ekonomik ak sosyal yo. Konsta makab sa a se akòz tou gwo degradasyon sekirite piblik la. Batay kont koripsyon an ap pyetine tou epi chomaj jèn yo rete enkyetan. Mizè nwa ap frape yon bon pati nan popilasyon an. Moun ki gen move entansyon pa sispann atake ak vandalize senbòl istorik ak idantite peyi a. Dat istorik yo sal, memwa kolektif nasyon an banalize. Gang ame yo ap sèlman miltipliye toupatou nan peyi a, y ap simen laterè lè y ap asasinen ak kidnape kont ranson frè ak sè nou yo, konsa y ap paralize tout sektè aktivite sitou edikasyon, komès ak transpò an komen.
Sitiyasyon vyolans sa a kontinye chase moun yo tou nan katye gang ame okipe, li kite popilasyon an san pouvwa nan lari, lage pou kont li. Popilasyon an ap viv nan laperèz epi li pa konn ki sen pou l priye ankò! Kidonk nou dwe mande tèt nou: kisa nou dwe fè nan sans sa a? Defi yo byen konnen. Opòtinite yo, yo menm, mwens konnen. Sepandan nou tout konsène. E n ap pi konsène toujou paske peyi nou an dwe, nan yon kontèks konsa, gade lavni ak yon lespri ouvè e kreyatif. Nou dwe pare pou jwe, otan posib, yon gwo wòl nan yon istwa ki pa p manke chanje avni pwòch nou. Anplis, peyi nou, nou konnen sa byen, ap fè fas ak gwo defi men li prezante tou anpil opòtinite.
Ayiti pa sèl peyi nan lemonn ki konnen moman twoub politik ak sosyoekonomik. Nou ka toujou soti ladan l!
Nou ka site kòm egzanp rafrechisan premyèman, Rwanda an 1994 ak jenosid Tutsi yo pa ekstremis Hutu yo ki fè anviwon 800 000 moun mouri. Rwandè yo te ka rebondi lè yo mete an plas yon politik inite nasyonal ak rekonsilyasyon. Apre sa, Afrik di Sid ak Apated, kote Nelson Mandela apre 27 an prizon negosye elaborasyon yon nouvo konstitisyon, konsa li mennen peyi a dwat sou wout devlopman dirab. Pi pre nou, finalman, Repiblik Dominikèn, kote Joaquín Balaguer te rive jwenn yon akò ak prensipal konkiran li, sosyal-demokrat José Francisco Peña Gómez, sa ki mete fen ak yon kriz apre eleksyon ki t ap menase estabilite peyi a.
Chè konpatriyòt mwen yo, jodi a plis pase tout tan, nou dwe sèvi ak tout enèji nou ak santiman apatenans nou ak tè sa a pou frennen desant nan lanfè sa a lè n siyen « yon Pak pou estabilite pèmanan Ayiti ».
Ansanm, nou dwe kapab kòmanse elabore nouvo solisyon, nouvo rekou ki p ap gen kòm sèl objektif pou vale nou menm, frè parèy nou, paske si nou rive pèdi ti moso tè sa a, n ap pèdi tou sa ki esansyèl la: idantite nou.
Kidonk, eslogan « Boule », « Dechouke » sa yo dwe entèdi nèt depi kounye a! Lanati, li menm, nan prensip orijinal li yo entèdi nou detwi epi li envite nou pito bati an favè rejenerasyon! Nou dwe sètènman konsidere frajilite estrikti nou yo, move fonksyònman twa pouvwa Leta yo, yon sèten pasivite diferan sektè lavi nasyonal la (sektè prive, sosyete sivil, sendika, asosyasyon medya, elatriye), san nou pa inyore pèt total konfyans sitwayen yo nan majorite « dirijan » nou yo, ansyen ak nouvo, lejitim ak ilejitim.
Nou ka rekonèt pèsonn pa fè pèsonn konfyans ankò e se pa pou anyen, nou jis bezwen obsève gwo frakti sosyal la. Twal sosyal ayisyen an prèske chire!
Pou yon rasanbleman an favè rekonsilyasyon nasyonal yo konsidere kòm sèl pòt soti pou sove Ayiti, mwen pwopoze, nan fason ki pi konkrè posib, pou nou mete sou pye yon Komite twa manm ak pèsonalite ki pa janm gen non yo nan eskandal nan sosyete ayisyen an ki ta gen objektif pou fasilite rankont ant aktè yo ak sosyete sivil la pou fè fame Pak pou estabilite pèmanan sa a peyi nou gen dwa a parèt.
Nan non konsyans nasyonal, mwen envite tout fanm ak tout gason politik peyi sa a depase tèt yo pou bay enterè siperyè nasyon nou an priyorite. Panse touye ak detwi se komèt swisid. San idantite nou, pa gen anyen ki rete pou nou! Mwen konvenk Pak sa a pral fèt pou byen tout moun. Nou devan yon opòtinite istorik. Ann sezi l.
Pou Ayiti, ak pou papa ak manman nou,
Ann fòme pitit gason ak pitit fi ki diy e ki respekte valè Repiblik la!
Ayiti se pa nou!
James JACQUES
Lisansye an Antwopoloji-Sosyoloji
Ansyen Konsil Jeneral Ayiti nan Santiago, RD
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





