Lendi 16 novanm 2026

Kilti

Idatson Elysee, antreprenè ki fè fòs karaktè l tounen lantèn li

Pa Naïka Eugene

· 5 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Homme concentré travaillant sur ordinateur portable en chemise blanche avec logo

Idatson Elysee se yon pwofesyonèl ki gen anpil eksperyans, kote pakou inivèsitè ak pwofesyonèl li montre yon gwo divèsite ak yon vas ekspètiz. Natif Okay, nan Sid Ayiti, li se PDG ak fondatè I&N Global Services, li dirije ak konpetans ak lidèchip. Nonm ki vin matirite ak ane yo, jodi a gen plis pase yon trik nan manch li e li gen entansyon pataje yo ak moun ki reve fè karyè nan antreprenarya.

Plizyè kòd nan banza l

Anvan l lanse karyè l, Idatson Elysée swiv yon pakou varye e anbisye. Li etidye jeni elektwomekanik nan Fakilte Syans Inivèsite Leta d Ayiti. Answit li kontinye etid li nan lidèchip, antreprenarya ak inovasyon lè l antre nan yon MBA nan St. John’s University, sa ki anrichi konpetans jesyon ak estratejik li. Li konplete tou fòmasyon espesyalize nan Power Sales University ak Life Leadership, sa ki ranfòse konpetans li nan vant ak jesyon pwojè.

« Pi gwo defi m se te kòmanse. Mwen t ap chèche eskiz, m t ap di tèt mwen èske m ap jwenn mwayen pou lwe espas la ak pou peye pèsonèl travay la. Mwen te doute m ka reyisi, kesyon m t ap poze tèt mwen yo te anpil. Menm pou jwenn non an se te yon kastèt, se lekti yon liv ki te ede m. Gwo lidè yo se gwo lektè, mwen konseye lekti bay tout antreprenè. Fòk ou fòme tèt ou nan jesyon antrepriz, lidèchip ak kominikasyon », li eksplike.

Sou plan pwofesyonèl, anplis responsablite l nan I&N Global Services, Idatson Elysée okipe plizyè pòs jesyon ak kowòdinasyon. Li te sipèvizè chèn apwovizyònman nan Heineken International, yon pòs ki pèmèt li metrize operasyon lojistik sou gwo echèl. An paralèl, li te sèvi kòm Responsab relasyon nan HR Taekwondo ak kòm kowòdonatè nan Cercle des Solidarités Francophones, sa ki montre angajman l pou pwomosyon valè solidarite.

Atravè karyè l, Idatson te egzèse tou kòm administratè nan Yoople e li te pran wòl lidèchip nan plizyè lòt antrepriz ak òganizasyon. Kapasite l pou evolye nan anviwònman varye reflete adaptabilite l ak detèminasyon l pou inove epi dirije ak efikasite.

Fè parachit ou nan vid la

Li finalman lanse nan antreprenarya, san l pa jwenn siksè depi premye tantativ li yo. « Fòk ou di tèt ou malerezman ou p ap ka fè tout moun plezi, se sèlman yon esklav ki ka rive fè sa. Se sèten n ap travay pou byennèt kliyantèl nou, men li enpòtan pou konnen li enposib pou tout moun dakò. Mwen te kòmanse nan vant machin e mwen ka asire w difikilte m te rankontre yo te enòm. Se te yon pèt total paske machin yo pa t gen kalite. Sa aprann mwen ti pèt yo evite nou kèk pi gwo pèt nan lavni. » Leson li aprann atravè eksperyans li yo ranfòse nonm li vin ye a, li enposib pou l regrèt li te lanse: « Nan antreprenarya, fòk ou lanse epi w ap ka fè parachit ou nan vid la. »

Idatson konseye debitan nan milye antreprenarya a pou yo aprann nan echèk epi pwofite l pou yo vin pi solid: « Pou yon moun ki fèk lanse antrepriz li, m ta di l bani laperèz echèk. Chak echèk ou travèse ap fè w pi fò. Sa ki enpòtan se pa kantite kou ou ka bay, men kantite ou ka pran. Fòk ou travay pou ogmante kosyan advèsite w. Vrè fòs karaktè antreprenè a kache nan kapasite l pou l pran kou. »

Chèf antrepriz la jije li enpòtan pou mete tout mwayen itil bò kote l pou rive satisfè bezwen kliyantèl li. Konsa, teknoloji jwe wòl li: « Teknoloji jwe yon wòl prepondran nan antrepriz nou an sitou sou kesyon maketing dijital ki ba nou majorite kliyan nou yo. Teknoloji enpòtan nan kwasans antrepriz la. Wòl li enpòtan anpil kit se pou rezo yo, sit wèb la ak estrateji maketing dijital yo », PDG a fè konnen.

Ant pasyon ak mòd lavi

Antreprenarya se pa yon ti zafè, tankou tout aktivite, li mande enèji ak tan. Idatson, bò kote pa l, wè l kòm yon pasyon, sa ki ede l navige sou vag sa yo ak yon souri. « Fòk ou toujou chèche konnen poukisa ou egziste sou tè a ak pasyon w. Antreprenarya se pasyon m e se sa ki fè ekilib ant lavi pwofesyonèl mwen ak lavi pèsonèl mwen. Gen lè m travay nan lè ki pa nòmal e m pa wè okenn enkonvenyan, kòmsi jounen m fèk kòmanse. Gen lè tou m travay 23 è youn dèyè lòt san rete. Li pa fasil pou fè ekilib sa a, men n ap eseye abitye paske travay la mande pasyans, pèseverans ak konsantrasyon. »

Kòm li oblije travay ansanm ak patnè, li souvan twouve l ap pran desizyon difisil. Yon aspè nan lavi antreprenè ki pa pi fasil la. « Konfyans pa yon bagay fasil nan milye antreprenarya, men fòk ou fè yon sèten kredi. Sa ki pi difisil se pran desizyon menm lè w pa metrize tout paramèt yo. Desizyon an toujou riske. Estrateji nou jodi a se pran bagay yo ak pens, nou etidye anpil paramèt anvan nou pran desizyon pou evite desepsyon. »

Elysee ki gen eksperyans lan wè konpayi li kreye yo inik paske yo se fwi pasyon li, ki mete bezwen kliyantèl la anvan. Byen anvan l vize siksè, li mete aksan sou sèvis pou l satisfè kliyan l yo. Li fè efò, atravè antrepriz li, pou fòme kliyantèl la pandan l rete konekte avè l. Li fè diferans tou pa rezilyans li, kapasite l pou l avanse malgre move avanti. Li chita kwayans li, li di, sou Etè Siprèm nan. Ak pèsonèl antrepriz li, li bati yon fanmi kote yo valorize moun. Pou fè antrepriz la avanse, li parye sou valè ki pa gen pri tankou moral ak entegrite.

« Pi gwo siksè m nan antreprenarya se fòs karaktè m k ap grandi chak jou. Kounye a mwen gen kapasite pou ede lòt moun », li di ak kontantman. Li di li devlope kèk sèvis, tankou pou vwayaj pa egzanp, pou fasilite lavi kliyantèl li. Fyète l chita nan lefèt li bay sèvis kalite bay kliyan ki, yo menm, vin kapab ede ak akonpaye pwòch yo.

I&N Global Services bay tèt li objektif pou amelyore sèvis li ofri kliyan l yo ansanm ak pi bon pwodwi yo. Antrepriz la espere kreye plizyè siksisal pou diminye chomaj epi answit vin yon antrepriz miltinasyonal. Global vle wè drapo l ap flote nan omwen 5 lòt peyi nan ane k ap vini yo epi kreye pa mwens pase 10 000 travay atravè lemonn. Konsa, li espere vin ede Ayisyen k ap viv nan tout kwen lemonn. « M ta mande Leta etabli yon atmosfè estabilite pou antreprenè yo ka gen plis antouzyas pou yo kreye », li deklare.

Gras ak ekspètiz divèsifye li ak fòmasyon wo nivo li, Idatson Elysée kontinye ap enpoze l kòm yon lidè ki gen enfliyans nan domèn jesyon, antreprenarya ak sèvis.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo