Mèkredi 18 novanm 2026

Jistis

Gwoup Fantom 509 pa aji nan enterè USA

Pa Richarson Bigot

· Mete ajou 16 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

San lang bwa diplomatik, anbasad ameriken an Ayiti rele polisye Fantom 509 yo “yon òganizasyon kriminèl”, sitou apre ensidan lendi a ki te lakoz lanmò yon ajan UDMO.

Nan yon alèt sekirite depatman Deta a pibliye, anbasad Etazini an Ayiti relaye, yo envite sitwayen ameriken yo limite deplasman ki pa ofisyèl. Nòt la kole etikèt kriminèl sou polisye manifestan sa yo ki ap reklame depi plizyè jou rapatriman kò frè zam yo, yo te touye pandan operasyon mal fèt 12 mas la nan Village de Dieu.

Konsènan operasyon swisid sa a, anbasad la poko janm pibliye okenn nòt senpati nan okazyon disparisyon 5 vanyan polisye sa yo, ankò mwens egzije pou yo rekipere rès yo pou remèt fanmi yo ki nan lapenn akoz dram nan.

Pa menm yon fwa anbasad la rele G9 yon òganizasyon kriminèl.

Ann note pozisyon ameriken an swiv pa pozisyon wo eta-majò polis nasyonal d Ayiti ki anonse mezi disiplinè kont polisye sa yo.

Depi prèske yon ane, Fantom 509 ap desann nan lari, ak kagoul ak zam nan men, pou fè revandikasyon pase, souvan ak anpil vyolans, sitou nan biwo enstitisyon piblik.

An fevriye, sou wout Kanape Vè, echanj tire ant Fantom 509 ak inite PNH te mennen lanmò yon ajan Swat.

Gwoup Fantom 509, moun souvan konfonn ak SPNH-17, kritike pa pouvwa ki an plas la ak kèk manm popilasyon an.

Ansyen Minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Lucmane Delille, te rele yo “Teworis”. Ann raple bandi ap tewòrize popilasyon an, kidnape, vyole e touye, pandan y ap benefisye pwoteksyon gouvènman an. Yo te remake sipoze chèf gang Jimmy Chérizier ane pase a, ap kowòdone yon distribisyon èd nan fyèf li ansanm ak otorite polis yo.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo