
Ak pwojè long metraj li ki rele “Marie-Madeleine”, reyalizatris ayisyèn Gessica Généus atire atansyon responsab rezidans festival Cannes lan. Mèkredi 15 me 2024 sa a, li ranpòte pri èd Sant nasyonal sinema a. Sa ki pral pèmèt li reyalize pwojè l la.
Rezidans Festival Cannes lan, nan objektif li pou sipòte jèn reyalizatè ak reyalizatris nan kreyasyon yon premye ak yon dezyèm fim, te bay douz reyalizatè ak reyalizatris posiblite pou yo prezante pwojè yo sou plas CNC a. De reyalizatè ak reyalizatris pami yo ranpòte pri CNC a nan Festival Cannes 2024.
Apre yo te seleksyone l ak fim “Freda” nan kategori “Un Certain regard” an 2021 nan Festival Cannes, ane sa a, yo seleksyone aktris la pou nouvo pwojè l Marie-Madeleine. Konsa, ak nouvo pwojè sa a, li ranpòte pri CNC a.
Anplis Ayisyèn nan, reyalizatè syedwa Ernst De Geer ranpòte pri sa a tou ak nouvo pwojè l ki rele “The Empaths”.
Sous : Célébrité Magazine
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 12 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





