Madi 17 novanm 2026

Diplomasi

Fwontyè ayisyen-dominiken an fèmen pandan y ap tann « Blan » yo rive ann Ayiti

Pa Darling Valentin Cabé

· Mete ajou 16 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Se Prezidan dominiken an, Luis Abinader, ki fè anons lan dimanch 9 oktòb 2022, nan konferans pou laprès. « Tout fwontyè a ak Ayiti pral fèmen tanporèman anvan yon entèvansyon pasifik Nasyonzini ann Ayiti », Chèf Leta dominiken an fè konnen.

Se yon anons Luis Abinader ki swiv rezolisyon Gouvènman ayisyen an pran ki otorize Premye minis Ariel Henry mande entèvansyon yon « fòs espesyalize ame » ann Ayiti pou ede retabli lòd sou teritwa nasyonal la.

Toujou nan fen konferans pou laprès sa a, Mesye Abinader bay presizyon: « Kòm peyi, nou pa ta fè pati fòs sa a, nou p ap ede, sipò nou ta sou plan diplomatik ».

Nan bi pou sekirize peyi li, Chèf Leta dominiken an pale de akizisyon 10 avyon rekonesans ak siveyans, 6 elikoptè, 21 machin blende ak zam otomatik ak kat kamyon anti-revòlt.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here