Madi 24 novanm 2026

Kilti

Fwa atizanal: Anbasad Espay vire gade atizan Vilaj Noailles yo

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Ensekirite k ap fè ravaj nan komin Kwadebouke gen yon enpak negatif ak konsiderab sou aktivite atistik ak atizanal Vilaj Noailles.

Konsyan sitiyasyon katastwofik atis ak atizan yo ekspoze ladan l, Anbasad Espay ann Ayiti, an kolaborasyon ak AfriAmerika ak ADAAC, ap òganize yon fwa Atizay ak Atizana pou benefis atis ak atizan Noailles yo 17 ak 18 me k ap vini an.

« Anbasad Espay ann Ayiti kontan òganize, an kolaborasyon ak Fondasyon AfricAmericA ak ADAAC, e an solidarite ak atis ak atizan Noailles yo, Fwa Atizay ak Atizana Vilaj Noailles, k ap fèt 17 ak 18 me 2022 nan otèl NH El Rancho », se sa nou ka li nan yon kominike pou laprès ki date lendi 16 me 2022.

Anplis, nan dokiman sa a, reprezantasyon espayòl ann Ayiti a montre li enkyete pou ogmantasyon zak vyolans k ap anpwazonnen lavi chak jou Ayisyen.

« Anbasad sa a deplore epi kondane avèk fòs vyolans gang ame yo ki, toupatou ann Ayiti, anpeche anpil sitwayen inosan mennen yon vi trankil e ki, anplis, pa pèmèt atis ak atizan sa yo vake a aktivite yo nòmalman, nan Kwadebouke », kominike a kontinye.

Pandan l envite tout moun patisipe nan fwa sa a, pou sipòte kontinwite Vilaj Noailles ak acha yo, Anbasad Espay kwè jès sa a ka garanti sivi atizay fè dekoupe, ki li menm se yon teknik ki fè pati patrimwàn imateryèl Ayiti.

An dènye, kominike pou laprès la presize se minis kilti Emmelie Prophète ki pral inogire fwa sa a ansanm ak Anbasadè Espay la, Ekselans Li Mesye Sergio Cuesta, an prezans Ekselans Li Premye Minis la, Dr. Ariel Henry.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here