Premye long metraj Gessica Généus ki rele « Freda » a kontinye kous kaptivan li. E se pa pou anyen, apre Cannes kote l te resevwa pri, long metraj sa a nan seleksyon pou Oscars 2022. Yon bon nouvèl aktris ikonik la te pale de li nan kolòn jounal Le Nouvelliste, pandan l an plen tounen nan sal sinema Kanada.
« Se te terib paske nou te pami dènye moun ki te soumèt. Nou te pè anpil pou yo te refize soumisyon an », li te presize.
Finalman yon bon nouvèl pou Ayiti k ap kontinye patoje nan kawo.
Ann souliye long metraj Gessica Généus la mete an sèn yon jèn fi k ap viv ak fanmi l nan yon katye pòv Pòtoprens. Fanmi modès sa a siviv gras a ti boutik li bò lari. Devan prekarite ak vyolans k ap monte an Ayiti, chak moun ap mande tèt yo si se pou yo pati oswa rete. Freda menm vle kwè nan avni peyi l.
Li tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





