Tiraj osò 22yèm edisyon Koup dimonn lan fèt vandredi 1ye avril 2022 sa a, nan Doha, kapital Katar, peyi k ap resevwa konpetisyon planetè sa a. Moun ki fou pou balon wonn yo deja wè kijan diferan gwoup yo ye, menm si ekip k ap jwe baraj yo poko ladan yo. Sepandan, gen yon bagay ki atire atansyon nou: Pa gen okenn peyi Karayib ki reprezante. Se pa yon sitiyasyon nouvo, e se poutèt sa li fè nou poze kesyon.
Fò n remonte jis an 2006 pou nou wè yon peyi Karayib kalifye nan yon faz final koup dimonn. Se Trinidad ak Tobago. An 1998, Jamayik te valide tikè l tou pou koup dimonn Lafrans te genyen an. Pou Ayiti, se te sa gen 48 an, sa vle di an 1974.
An 2010, 2014, 2018 ak 2022, Karayib la absan nan gwo fèt foutbòl sa a. Men kijan nou ka eksplike sitiyasyon sa a?
Jean Pierre Etienne, jounalis espòtif, pwopoze kèk chemen repons pou kesyon sa a.
Peyi sa yo pa vrèman gen yon bidjè yo bay pou devlopman espò, sitou foutbòl, konpare ak lòt peyi, jounalis la eksplike.
« Nivo devlopman peyi a ka gen yon enfliyans sou nivo foutbòl li », Etienne rekonèt. Sepandan, korelasyon an pa dirèk, li presize, pandan l pran egzanp Lachin, gwo pisans ekonomik, ki pa pwodui foutbòl wo nivo pou sa.
Gen tradisyon tou. Jean Pierre Etienne pale de « peyi-foutbòl » pou nasyon sa yo ki fè tout efò pou mete enfrastrikti ki nesesè an plas pou yo toujou pami pi bon yo.
Konfigirasyon ekip zòn CONCACAF la se yon paramèt nou pa dwe neglije tou.
« Se sèlman twa peyi ki pral ka valide tikè kalifikasyon yo nan zòn sa a, pandan Kanada ak Etazini se de peyi ki, asireman, ap bat lòt peyi yo fasil nan eliminatwa yo» prezantatè ribrik « Spò alonwonnbadè » sou radyo Ibo agimante.
Plis ou gen resous, plis ou ka devlope foutbòl ou, Etienne endike.
Ann raple Mondyal 2022 la ap fèt nan Katar, ant novanm ak desanm 2022. Se youn nan chanjman ki fèt ane sa a nan konpetisyon sa a ki konn òganize an jen an jeneral.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




