Soti 8 rive 12 oktòb 2024, 6yèm edisyon Festival Entènasyonal Fim dokimantè Amazoni-Karayib (FIFAC) pral fèt nan Camp de la Transportation, nan Giyàn. Ekip òganizasyon an chwazi reyalizatris ayisyèn Gessica Généus pou l alatèt jiri k ap bay pri yo.
Pou edisyon 2024 la ki pral fèt soti 8 rive 12 oktòb nan Camp de la Transportation nan Saint-Laurent du Maroni, yo chwazi reyalizatris ak aktris ayisyèn Gessica Généus pou l prezide jiri a, apre Christiane Taubira. Figi senbolik sinema ayisyen, Gessica rekonèt pou angajman atistik ak sosyal li. Filmografi li, ki make pa zèv ki touche kè e ki pètinan, fè l jwenn rekonesans entènasyonal. An 2021, premye long metraj li “Freda” te seleksyone nan Cannes.
A 17 an, jèn Gessica te jwenn premye wòl li nan long metraj Barikad reyalizatè Richard Sénécal la. Pita, li jwenn yon bousdetid pou l swiv kou teyat nan Pari kote l antre nan Acting International de Paris e li te ka pèfeksyone a li. Ak medyòm li, Généus te kòmanse rakonte istwa manman l ki skizofrèn atravè dokimantè li Douvan jou ka leve ki te resevwa gran pri FIFAC an 2019, festival li pral prezide jiri a ane sa a.
“Festival Entènasyonal Fim dokimantè Amazoni-Karayib la se yon konpetisyon entènasyonal fim ki soti nan Karayib ak Amazoni e yon kote pou echanj, pataj ak dekouvèt pwofesyonèl, ak anbisyon pou bay yon filyè kreyatif e melanje lapawòl”, se konsa sit FIFAC la, ki ofri yon platfòm pou vwa ki souvan pa reprezante ase, rezime l.
Festival sa a, ki dedye a pwomosyon fim dokimantè rejyon Amazoni-Karayib depi Giyàn, te kreye an 2019 pa Pôle Image Maroni – AVM, an akò ak volonte politik France Télévisions Outre-mer ak vil Saint-Laurent du Maroni.
Sous : Célébrité Magazine
Li tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





