Lendi 16 novanm 2026

Espò

FC Barcelone ak Messi, fen yon istwa damou!

Pa Hebdo24

· 4 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

16 oktòb 2004, an prezans 34,000 espektatè nan dèbi Espanyol-Barça a, jèn Messi, ki te gen nan epòk la 17 an 3 mwa ak 22 jou, te fè premye pa l nan 82yèm minit jwèt la. Se te kòmansman yon wa. Kontrèman ak sa tout moun te atann, 5 out sa a, sa vle di 17 an pita, Pulga a di Culers yo orevwa.

Anefè, Lionel Andrés Messi Cuccittini, nonm sis ballon d’or yo, te fèt 24 jen 1987 nan Rosario, vil travayè nan nòdès Ajantin. Pulga a te konnen yon anfans difisil ak yon defisi òmòn, doktè andokrinològ Diego Schwarzstein te fè konfidans an desanm 1996. Pou yon fanmi klas travayè tankou fanmi Messi, se te difisil pou fè yon tretman piki (Lévothyroxine, Norditropine) pandan trant mwa, ak yon pri 1000 dola pa mwa. Malgre enterè River Plate ak Boca pou pepit la, yo te ezite pran tretman an an chaj finansyèman. Gras a Josep Maria Minguella, Leo ak fanmi l te ka pran kontak ak FC Barcelone pou yon sipò nan tretman an nan fen deseni 90 yo.

Messi ak La Masia, rankont de M!

Newell’s Old Boys se non klib kote Messi te pran baz foutbòl li. Li te kite l an jiyè 2000 ak papa l pou l al Barcelone pou l pase yon tès nan FC Barcelone. An prezans Josep Maria Minguella, Carles Rexach, patwon teknik Barça a, ak Horacio Gaggioli, yo te jwenn yon akò ant kan pa l la ak klib la, malgre validite akò a pa t sèten sou plan jiridik pou yon jwè minè.

An mas 2001, apre plizyè mwa negosyasyon, Leo vin yon jwè Barça. Frè medikal ak fòmasyon jwè a pran an chaj pa klib Blaugrana a, ansanm ak enstalasyon fanmi an Katalòy. E papa Leo, sa vle di Jorge Messi, anplwaye nan klib la tou.

Anba lòd Xavier Llorens, 7 mas 2001, Pulga a te fè premye pa l ak Infantil B anba mayo Barça nan Amposta kote l make yon gòl. Blesi, litij, ant 2001 ak fevriye 2002 li te pase sis mwa deyò rektang vèt la.

Nan Juvenil A, bò kote Cesc Fàbregas ak Gerard Piqué, anba lòd Tito Vilanova, li make 21 gòl nan 14 aparisyon. 16 novanm 2003, yo envite l (a 16 an ak 145 jou) pou patisipe nan match amikal premye ekip la devan FC Porto pou inogirasyon Estad Dragon an. 4 janvye 2004, sou teren Gramenet, Messi make premye kout chapo l e li resevwa yon gwo ovasyon bò kote sipòtè advès yo.

Leo Messi nan chan pwofesyonèl yo!

4 fevriye 2004, Pulga a siyen premye kontra pwofesyonèl li, kote l jwe bò kote majisyen Ronaldinho (mantò l) ak Deco. Li kòmanse nan chanpyona Espay 16 oktòb devan Espanyol Barcelone. 7 desanm 2004 make jou Leo jwe premye match li nan lig chanpyon devan klib ikrenyen an, Shakhtar Donetsk.

A 17 an ak 310 jou, natif natal Rosario a make premye gòl li nan chanpyona devan Albacete Balompié 1ye me 2005, li vin pi jèn bitè nan istwa klib la. Nan edisyon chanpyona sa a, Messi ak Barça soti venkè sou do rival etènèl li, Real Madrid.

Leo Messi nan revolisyon pòs-modèn bote total Barcelone-Guardiola a!

Yon ekip ki te gen Xavi, Iniesta, Busquets, Puyol, Piqué, Villa, Pedro elatriye ant 2009-2012 anba lidèchip Josep Guardiola, pwobableman pi bon ekip nan listwa nan nivo klib. Leo Messi kòm zèl ak objektif pou l antre fon nan teren an nan yon dispozitif 4-2-3-1 kote l te genyen premye ballon li sou do rival etènèl li, Cristiano Ronaldo.

Pou kont final la, Messi ak Barcelone se yon maryaj 35 tit.

Liga (10): – Chanpyon an 2005, 2006, 2009, 2010, 2011, 2013, 2015, 2016, 2018, 2019

Vis-chanpyon an 2007, 2012, 2014, 2017, 2020.

Koup Wa a (7):

Venkè an 2009, 2012, 2015, 2016, 2017, 2018, 2021

Finalis an 2011, 2014 ak 2019.

Superkoup Espay (8):

Venkè an 2005, 2006, 2009, 2010, 2011, 2013, 2016, 2018

Finalis an 2012, 2015, 2017, 2021.

Lig chanpyon (4):

Venkè an 2006, 2009, 2011, 2015.

Superkoup UEFA (3):

Venkè an 2009, 2011, 2015.

Koup dimonn klib yo (3):

Venkè an 2009, 2011, 2015.

Sou plan pèsonèl, Messi anba mayo Barça se plis pase yon senkantèn rekò: Pi bon bitè nan istwa FC Barcelone nan match ofisyèl ak 507 gòl, Pi bon bitè nan istwa FC Barcelone si nou konte match ofisyèl ak match amikal ak 539 gòl. Li se pi bon bitè nan istwa FC Barcelone nan Liga ak 286 gòl, Ballon d’or sis fwa soti 2009 rive 2012, an 2015 ak an 2019, twofe endividyèl ki pi prestijye ki rekonpanse pi bon jwè nan mond lan. Li resevwa Soulye lò ewopeyen an 2010, 2012 ak 2013 gras a 34, 50 ak 46 gòl li nan Liga, e li distenge plizyè fwa nan chanpyona kote l ap jwe a. Konsa, li resevwa Pri LFP pi bon jwè ak pi bon atakan Liga a senk fwa youn dèyè lòt. Sèl jwè nan listwa ak Ronaldo ki deziyen pi bon jwè nan mond lan twa fwa an 2009, 2011, 2012 pa World Soccer.

Chif Messi nan Barcelone tèlman anpil e laj tankou talan l, yon atik twò piti pou fè kont sa a. Nou prese konnen pwochen destinasyon Messi. Èske y ap retire nº 10 Messi a pou l rete pou li nan klib kè l la? Èske pwojè pou ranplase non estad Camp Nou pa Messi ap kenbe?

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here