Kout metraj « Once forgotten » (Yon fwa, bliye) jèn sineyas ayisyen an, Obed Lamy, fèk fè l genyen, dimanch 14 novanm 2021, pri « Pi bon sineyas emèjan » nan Fayetteville film fest 2021. Fim sa a rakonte istwa twa jèn esklav nwa yo te lenche, an 1856, nan Arkansas, apre yo te akize yo pou asasina mèt yo.
Obed Lamy ap fè ti chemen l byen nan sektè sinema a. Fwa sa a, jounalis la tounen ak kè l lejè ak Pri « Pi bon sineyas emèjan » ki ta ka ba l jarèt nan karyè l.
« Pou mwen, sa vle di mwen ka kontinye, sa vle di mwen sou bon chemen. Pri sa a se pou istwa twa jèn sa yo tou ki rakonte nan dokimantè a », Obed Lamy te fè konnen, pandan l deklare objektif fim sa a se remete istwa lenchaj twa jèn sa yo nan aktyalite.
Depi 2019, ansyen etidyan Fakilte Syans Imen Inivèsite Leta d Ayiti a ap viv Ozetazini kote l ap kontinye etid inivèsitè l nan Inivèsite Arkansas. Li tonbe damou pou sinema nan kad yon kou pwodiksyon dokimantè, natif natal vil Ti Gwav la ofri tèt li yon nouvo orizon: envesti nan sektè sinema a.
Obed Lamy, etidyan nan nivo metriz an jounalis, te deja rafle an 2020 ak kout metraj li « A Promising Voice » Pri Piblik FilmLand2020, nan kad festival fim Arkansas Cinema Society òganize.
Ki sa Once Forgotten pale?
Once Forgotten (Yon fwa bliye) retounen sou istwa twa jèn esklav yo te akize pou asasina pwopriyetè yo, epi gouvènman an ak kèk manm popilasyon Arkansas te lenche yo an 1856. Men jis la, se yon sèl son klòch nou te tande. Plis pase 150 an apre, yon òganizasyon lokal te al fouye nan achiv ak tradisyon oral yo pou retabli “verite” fè yo e komemore memwa Anthony, Aaron ak Randall.
« Se yon fim ki eksplore fabrikasyon ak eritaj vyolans rasyal Ozetazini, kijan istwa a ekri, sonje e bliye an menm tan, ak enpòtans pou pwoteje memwa istorik », nou te ka li sou paj Facebook Festival Nouvelles vues Haïti.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





