Apre anons sanksyon kont Joseph Lambert ak Youri Latortue, respektivman prezidan aktyèl ak ansyen prezidan Sena Repiblik la, Etazini parèt detèmine pou kouri dèyè gang ame yo ann Ayiti. Vre, peyi Joe Biden nan pare pou l mete men nan pòch pou mete bandi ame yo nan kondisyon pou yo pa ka fè mal ankò.
« Jodi a, Depatman Deta ameriken an anonse rekonpans ki ka rive jiska 1 milyon dola pou enfòmasyon ki mennen nan arestasyon ak/oswa kondanasyon twa chèf gang ayisyen yo sispekte kòm responsab kidnapin kont ranson 16 sitwayen ameriken ann Ayiti an oktòb 2021 », Sekretè Deta Etazini, Antony Blinken, twite. Enfòmasyon an pibliye tou sou kont ofisyèl Anbasad Etazini ann Ayiti.
Dapre nòt Depatman Deta ameriken an, Joseph Wilson yo rele « Lanmò san jou », Vitelhomme Innocent ak Jermaine Stephenson alyas « Gaspiyaj » se twa chèf gang yo mete tèt yo a pri.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





