
7 jiyè 2025, pati EDE, atravè estrikti edikatif li Mouvman Anseyan EDE, lanse yon seminè gratis pou elèv NS4 k ap prepare bakaloreya.
Pwogram sa a vize sipòte kandida yo lè l ba yo yon ankadreman akademik estriktire, pou ogmante chans yo pou reyisi egzamen ofisyèl yo.
Edikasyon nan kè vizyon politik la
Dr. Claude Joseph, lidè pati a, afime demach sa a reflete vizyon EDE pou fè edikasyon yon levye fondamantal pwogrè sosyal:
« Envesti nan fòmasyon jèn yo, se envesti nan avni peyi a. »
Ak inisyativ sa a, pati politik Les Engagés pour le Développement afime volonte li pou akonpaye jenès ayisyen an, sitou nan etap kriyal pakou lekòl yo.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.





