Lendi 16 novanm 2026

Sosyete

Dyosèz Anso / Miragwàn akeyi sèt (7) nouvo prèt

Pa Richarson Bigot

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Katedral Sainte-Anne Anso te sèn yon gwo seremoni solanèl mèkredi 26 me 2021. Sèt (7) dyak tranzitwa te òdone Prèt. Sakreman lòd la te ba yo atravè enpozisyon men Ekselans li Monseyè Pierre André Dumas, evèk titilè dyosèz la.

Zak litijik sa a ki bay sakreman sasèdòs kretyen an, yo rele sakreman lòd, se yon evènman Legliz katolik pran trè oserye. Ordinasyon presbiteral 7 nouvo prèt sa yo te fèt an prezans plizyè milye fidèl katolik dyosèz la, fanmi moun ki t ap òdone yo, relijye ki soti nan diferan kongregasyon, otorite politik, pèlren ki soti toupatou pou glorifye non Bondye.
Dyosèz la selebre yon doub evènman paske dat sa a raple tou 30yèm anivèsè ordinasyon presbiteral Monseyè Dumas pa Pap Jan Pòl 2 nan bazilik Sen Pyè Wòm an 1991.

Yo tout 7 soti nan pwomosyon Saint-Jean Marie Vianney gran Seminè Notre Dame d’Haïti, lis prèt dyosèz la fèk grandi.

Apre plizyè ane etid, sitou an teyoloji ak filozofi, sispans lan te byen long pou moun ki t ap òdone yo, men legliz la pa t ka pase sou rityèl relijye dwa kanonik enpoze yo. Evèk dyosèz la, akonpaye yon swasantèn prèt, te klèman kontan pou l òdone nouvo prèt sa yo. Yo te nonmen yo touswit nan diferan pawas kòm vikè. Se chanselye dyosèz la, Rev. Pè Julien Almonacy, ki te li lèt nominasyon nouvo prèt yo.

Rev. Pè Guilner DUBRÉSIL, ki te an estaj nan pawas Notre Dame du Perpétuel Secours Chalon, kounye a nonmen vikè pawas Saint Joseph Lazil, alòske Rev. Pè Pierre JEAN, ansyen estajyè dyakona nan Lazil, kounye a nonmen vikè St Joseph Pemèl.
Pou Pè Moïse CARELUS, li nonmen nan pawas Saint Pierre Baradè. Pè Laurens Sténio RAYMOND, ansyen estajyè pawas Notre Dame de Guadalupe Payan, nonmen jou ordinasyon l kòm vikè nan pawas Saint Antoine Ti Rivyè Nip.

Pè Garry VOLCY ki t ap fè estaj dyakona l nan pawas Saint Benoît Desous nonmen vikè nan menm pawas la. Pè Dieunixson MERVILIER,
ki t ap fè estaj li nan pawas Notre Dame de la Nativité Ti Trou, nonmen vikè Payan e an dènye, nouvo Pè Gefthey JEAN, ansyen estajyè dyakona nan katedral Sainte Anne Anso, nonmen vikè nan katedral Sainte Anne.
Kounye a dyosèz Anso, ki kreye 13 jiyè 2008, gen 71 prèt pou 39 pawas, dapre sa Evèk la di.

Nan fen seremoni an, manm komite trisantenè Anso a, ki an chaj òganize 309 an vil la, te bay Monseyè Dumas yon plak donè pou 30 an sasèdòs li.

Richarson Bigot

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here