
Akademisyen Dany Laferrière ekri yon lèt ouvè bay aktris ayisyèn Fabienne Colas apre li fin aprann li pral resevwa yon doktora onorifik nan fakilte Bozà Inivèsite Concordia nan Kanada. Se aktris la menm ki pataje l sou paj Facebook li 10 me 2024. Men lèt la an antye:
“Chè Fabienne,
Doktè Colas,
Mwen tèlman kontan konnen w nan wòb pi wo grad inivèsitè a, sa ki rele doktora honoris causa.
Mwen felisite w avèk respè pou chemen ou fè a, san w pa pilonnen jaden pèsonn, ni imilye pèsonn. Distenksyon sa a, ou merite l gras ak travay ou fè san pran souf (pou sinema e kont rasis), ak imanite ou montre pandan tout pwosesis la.
Kontinye wout ou, ti pitit fi Ayiti, se sèl sa yo mande w fè nan moman difisil sa yo. Pa gaspiye enèji w lòt kote pase nan pwojè w yo ki deja fè anpil moun byen.
M ap anbrase w avèk fyète, sè m…
Vye frè w
Dany (Laferrière)”.
Lè w li sa reyalizatris la di sou jès atansyon sa a, ou wè sa vrèman souke l.
“Mwen rete bouch be devan tout jenerozite sa a… Sa ankouraje m pou m pa bese bra”, li ekri.
Li pran tan tou pou l remèsye piblik li, epi li presize doktora sa a se rezilta gwo sipò yo, e se yon onè pou peyi a tou.
“Pou nou menm, mèsi pou bon mo nou yo, sou tout platfòm, ki pouse m monte. Mwen resevwa lanmou soti tout kote. Doktora onorifik sa a, se gras ak sipò nou ban m depi toujou, san janm fè bak.
Onè sa a se pou Ayiti l ye tou !!”.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





