
Lendi 28 oktòb 2024 sa a, yon rankont te fèt ant Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) ak wo responsab Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ansanm ak Fòs Ame d Ayiti (FAD’H). Objektif: diskite sou sitiyasyon sekirite alamen k ap fè ravaj kounye a nan peyi a. Reyinyon yo ap miltipliye, men gang yo ap ranfòse, y ap pran plis teritwa chak jou.
Reyinyon sa a, Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean te prezide, te vize evalye mezi otorite yo pran pou retabli lòd sou tout teritwa nasyonal la. Echanj sa yo te rasanble tou Konseye-Prezidan Smith Augustin, Laurent St Cyr, Régine Abraham, ak Louis Gérald Gilles, ansanm ak kòmandan an chèf Fòs Ame d Ayiti, Lyetnan-Jeneral Derby Guerrier, ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti, Normil Rameau.
Plizyè ofisye siperyè polis nasyonal la ak lame a te patisipe tou nan reyinyon sa a. Pandan sa a, popilasyon Taba, Solino, Akayè nan dènye retranchman. Otorite yo ap diskite, y ap anonse mezi ki gen difikilte pou konkretize.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





