Madi 17 novanm 2026

Kilti

Chantè Chrystelha finalman lanse karyè solo li

Pa Richarson Bigot

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Jeune femme noire en pull blanc devant un mur bleu géométrique

7 jen k ap vini an, atis Christella Joseph, k ap evolye nan Florid, pral soti premye chante l « Pa tounen », k ap anonse lansman ofisyèl karyè atis li. Apre plizyè kolaborasyon ak lòt atis, Christella, ki gen non sèn Chrystelha, deside finalman fè pwòp chemen pa l.

Jèn chantè a kite Ayiti, peyi kote l fèt, a laj 13 an, pou l emigre Ozetazini. Sepandan, anvan gwo chanjman sa a, sa vle di a laj 8 an, li te deja kòmanse chante nan yon koral legliz Corps de Christ nan Kafou Fèy. Se natirèlman li chwazi chemen sa a, paske li grandi nan yon anviwònman familyal kote mizik toupatou. Konsa, li aprann jwe flit pou kont li, anvan l enskri nan yon kou mizik.

Nan Florid an 2010, kòm otodidak, li aprann jwe pyano pou kont li tou. Jodi a, gras a pasyon l pou mizik, li li patisyon epi li ka konpoze akò chante l yo li menm.

Apre chante a soti nan de semèn, Chrystelha ap disponib pou l jwe sou sèn. Li chwazi kòmanse nan kategori « ballade-pop » tankou chantè britanik Adele.

Chrystelha di li pare pou l antre nan HMI, swa atravè kolaborasyon ak lòt gwoup mizik oswa lòt atis nan estidyo. Sepandan, chantè a pa gen entansyon antre nan yon gwoup mizik pou kounye a.

Akote mizik, Chrystelha ap fè etid tou. Atis la nan Florida Atlantic University pou yon lisans an byoloji. Kilès ki di Byoloji ak Mizik pa ka mache ansanm?

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here