
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) arete mèkredi 19 out 2026, Dèlma, Michel Jean, alyas « Chamo », yo prezante kòm yon moun pwòch ansyen senatè Nenel Cassy, Junior Bonheur ak lòt pèsonalite politik.
Dapre enfòmasyon ki disponib, li te nan yon Toyota Prado blan, plak DG-00042, lè ajan yo entèvni.
Yo ta jwenn yon gwo zam, yon ti zam ak lòt materyèl nan machin nan. Non li site nan plizyè ka kidnapin.
Pou kounye a, PNH a poko presize ofisyèlman sikonstans arestasyon an ni akizasyon ki ka retni kont li.
Dapre yon sous diplomatik, plizyè pèsonalite politik ta gen rapò ak dosye a.
Kominote entènasyonal la ta ap swiv zafè a ak yon atansyon espesyal.
Menm sous la afime « anpil lòt otorite ka gen gwo pwoblèm ».
Chamo ta ap kolabore kounye a ak otorite lapolis yo. Moun ap tann swit jidisyè zafè sa a.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Ofansif kont gang yo: fòs ayisyen ak salvadoryen yo pran lokal EDH nan Bisantnè
15 nov
Pòtoprens: PNH ak sòlda salvadoryen yo reprann kontwòl Estad Sylvio Cator
13 nov
Operasyon salvadoryen ann Ayiti: Alix Didier Fils-Aimé ak Nayib Bukele byen antann yo
10 nov





