
Yon nwit solanèl nan lanfè kolonyal la
Nan lanfè kolonyal Sendomeng, sou abitasyon Lenormand de Mézy, yon nwit memorab 14 out 1791 make yon vire desizif nan istwa emansipasyon Nwa yo. Kòche, kòmandè, domestik ak chèf atelye rasanble nan fènwa solanèl la pou òganize sa istoryen yo rele anmenmtan « konplo esklav yo », « gwo reyinyon politik la » ak « seremoni Bwa Kayiman ».
Nwit sa a te prelid revòlt dife ak san 22 ak 23 out 1791 yo nan plenn Nò yo, ki te souke fondasyon sistèm plantasyon kolonyal ak esklavajis la. Moman kle sa a mennen, trèz ane apre, nan pwoklamasyon endepandans Ayiti 1ye janvye 1804.
Evènman Bwa Kayiman an ka li nan twa fason: yon mit, yon epope ak chemen trajik yon nasyon opprime.
Mit la: yon antwopoloji afriken ak yon limanite komen
Lafrik, ke rakont oksidantal yo souvan mete sou kote kòm yon kontinan majinal, gen resanblans frapan ak pèp grèk yo, yo selebre kòm ewo fondatè panse politik ak filozofik.
Jan Fustel de Coulanges souliye l nan La Cité antique, sosyete afriken yo, atravè rityèl yo, ekspresyon trajik yo ak manifestasyon yewofanik yo, fè pati yon limanite komen ak sivilizasyon grèk yo. Bò pa l, Cheikh Anta Diop, nan Civilisation ou Barbarie ak Nations nègres et Culture, mete aklè enfliyans resipwòk ant sivilizasyon afriken yo ak rès mond lan, sa ki revele yon pwofondè istorik ak kiltirèl moun souvan pa konnen.
Konsa, seremoni Bwa Kayiman an parèt kòm plis pase yon senp rityèl ezoterik. Li fè pati yon antwopoloji politik ak kiltirèl afriken, ki konparab ak konsiltasyon orak jeneral grèk yo te konn fè anvan batay.
Envokasyon divinite afriken patisipan yo te fè te vize bay kouraj ak inite, pou mobilize esklav yo otou lidè yo, ke yo te wè kòm moun lespri divin yo te chwazi. Dimansyon mitik sa a pa jistifye ditou diskou kèk sektè relijye retwograd ap fè pou denigre l. Okontrè, li mande pou eritye viktwa 1804 la reyapwopriye eritaj sa a ak fyète.
Epope a: yon batay pou libète
Seremoni Bwa Kayiman an fè pati yon epope ewoyik, ki pote pa figi tankou Boukman, Cécile Fatiman, Toussaint Louverture, Georges Biassou ak Jean-Jacques Dessalines. « Eli » sa yo, gide pa yon misyon divin, te gen kòm objektif final libere esklav yo anba opresyon kolonyal la.
Batay sa a, ki dire trèz ane, jwenn yon eko nan alegori biblik Moyiz k ap gide Ebre yo soti an Ejip. Men isit la, esklavaj kolonyal la te, paradoksalman, beni pa Legliz katolik women an, ki te deja konpwomèt nan enkizisyon ak boukan.
Lapriyè Boukman, ki envoke yon « bondye ki pa bondye Blan yo », enkane yon relijyon rezistans: yon fason pou detounen pasyon imen ak divin pou goumen kont opresyon.
Poutan, epope a pa t chape anba kontradiksyon. Toussaint Louverture ak Dessalines, ki te konnen pouvwa politik vodou a kòm faktè mobilizasyon, mennen yo menm kanpay kont pratik sa a, paske yo te pè debòdman popilè. Tansyon entèn sa yo vin ajoute sou kanpay represif ki te vin apre yo — sa gouvènman Élie Lescot la oswa zak vandalis kont sit Bwa Kayiman gwoup pwotestan enfliyanse pa pastè Chavannes Jeune te fè.
Jès irasyonèl sa yo, ki kontrè ak prensip demokratik ak divèsite kiltirèl, montre yon volonte pou efase yon memwa nasyonal esansyèl.
Yon nasyon opprime: rezistans yon idantite afriken
Jan sosyològ Jean Casimir eksplike l, nasyon ayisyen ki fèt an 1804 la wè idantite afriken li reprime sistematikman pa mekanis enstitisyonèl ki soti nan Oksidan.
Vodou a, byenke li fèt ann Ayiti, toujou pote mak yon kilti opprime, viktim yon « refi pwòp tèt kiltirèl li » ak yon konstriksyon Lòt la kòm « bawbar », dapre Laënnec Hurbon (Le Barbare imaginaire).
Poutan, Bwa Kayiman rete yon senbòl inivèsèl libète, non sèlman pou Ayiti men pou tout Karayib la ak Amerik yo. Li enkane memwa yon batay san repo pou restorasyon diyite Nwa yo e pou yon inivèsalis dwa moun. Eko li yo rive jouk nan panse Negritid Aimé Césaire ak Frantz Fanon te pote a.
Rele « Viv Bwa Kayiman », se pwoklame Ayiti kòm wayòm yon Afrik yo depòte, yo mitile, men ki toujou ap goumen pou diyite l.
Yon patrimwàn pou revandike
Bwa Kayiman se pa sèlman yon evènman istorik: li se yon senbòl rezistans ak emansipasyon ki depase tan. Fòk yo imajine l, wè l e revandike l kòm yon patrimwàn pèp nwa yo, yon rèl libète ki depase fwontyè.
Lè yo komemore nwit solanèl sa a, Ayiti ak dyaspora afriken yo reyafime idantite yo, fyète yo ak angajman yo nan batay pou jistis ak diyite.
« Viv Bwa Kayiman », se tou « Viv Ayiti » — yon apèl pou memwa ak rezilyans yon pèp ki refize bliye.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Cheriscler Evens a étudié la sociologie à la Faculté des sciences humaines de l’Université d’État d’Haïti. Il a collaboré comme journaliste-rédacteur dans plusieurs médias haïtiens. Passionné par l’écriture, il travaille sur des projets littéraires qu’il compte bientôt partager avec le public. Actuellement, il est professeur de communication créole et de sciences sociales au niveau secondaire, et collabore avec le journal en ligne Hebdo 24.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





