
De gwo konpetisyon ap tann jèn talantye Slamè Youven Beaubrun yo konnen sou non sèn Beven Slameur. Li pral reprezante Ayiti nan onzyèm edisyon koup dimonn entè-inivèsitè ak Copa America Slam ki pral òganize respektivman soti 16 rive 25 me 2024 nan Libreville, Gabon ak soti 21 rive 30 jen 2024 nan Ciudad Juarez, Meksik.
Koup dimonn entè-inivèsitè Slam nan pral rasanble, nan Gabon, plis pase ven peyi ki soti toupatou sou senk kontinan yo ki pral konpetisyone pou premye plas natif Dèlma a deja vize a. Apre sa, pral vini Copa America Slam nan Meksik, fwa sa a, sèz peyi sou kontinan ameriken an, tankou Ayiti, pral gen privilèj pou yo fè potansyèl talan yo parèt.
Gran gayan konkou nasyonal Slam an 2021 ak konkou nasyonal Slam entè-inivèsitè an 2023, Beven Slameur reponn prezan gras ak tit chanpyon nasyonal sa yo pou kritè kalifikasyon konpetisyon entènasyonal Slam yo.
« Slamè a di li deja santi fyète lè l panse l pral patisipe nan de konpetisyon entènasyonal sa yo. Sèl pwoblèm, pou de tounwa sa yo, slamè yo dwe debouye yo pou yo peye tikè avyon yo, òganizatè yo pran lojman an an chaj. Sa ki mete Beven, pou kounye a, dò al mi», medya NetAlKole rapòte.
Kòm Ayiti an plen kriz politik, detay vwayaj yo bloke pou jèn slamè a. « Preparasyon an konplike anpil sitou ak ayewopò ki fèmen ak anpil anbasad ki pa louvri», li fè redaksyon Célébrité Magazine konnen. Pou kounye a, Beven pa resevwa okenn sipò nan men enstans kiltirèl yo pou l fè vwayaj la pou de konpetisyon entènasyonal yo « anplis, mwen pa resevwa okenn èd finansye nan okenn ajans ni nan ministè Kilti», li ajoute.
Pasyone literati, mizik, Youven Beaubrun se alafwa konpozitè mizik, slamè, womansye e li gen de woman sou kont li, kote tit ki pi koni a se “Au kalfou du destin”, ki parèt nan Editions Varella.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 14 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





