Madi 24 novanm 2026

Edikasyon

Bay paran elèv 15.000 goud: Nesmy Manigat pa respekte pwomès li

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Pandan lansman ane akademik 2022-2023, Gouvènman an te anonse li t ap mete sou pye yon pwogram akonpayman pou paran elèv lekòl nasyonal, kominotè ak kèk lekòl prive. 15.000 goud, se kòb pouvwa ki an plas la, atravè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), te pwomèt pou l ba yo. Ane akademik la fini, yon lòt (2023-2024) nan premye trimès li, e paran elèv yo pa resevwa anyen nan men Gouvènman an. Konsa, yo denonse « move fwa » titilè MENFP a, Nesmy Manigat.

« Anfèt, nan kad pwogram sa a, direksyon lekòl nasyonal ak kominotè yo te fè yon lis ki gen idantite ak nimewo MonCash oswa NatCash paran elèv yo, pou yo te ka transfere 15.000 yo ba yo. Sa te dwe pèmèt yo achte materyèl lekòl pou pitit yo, pami lòt », responsab òganizasyon « Kri Provens yo », Mesye Borgella, eksplike.

Li egzije Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la eksplikasyon sou rezon ki fè pwomès gouvènman sa a pa kenbe.

« Nou bay Nesmy Manigat yon delè ki pral ekspire 15 desanm. Si li pa respekte l, n ap fèmen pòt Biwo Distri Eskolè yo (BDS) », li ajoute, pandan l ap presize apati 18 desanm lokal MENFP nan Nò a ap fèmen pa lafòs tou.

Pandan sa a, òganizasyon yo rele « Kri Provens yo » mande Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) fè yon ankèt nan MENFP, pou fè limyè sou kesyon an. Anplis, estrikti sa a envite tout paran elèv ansanm ak elèv nan dis depatman peyi a pou yo fè presyon sou Minis Nesmy Manigat, pou yo jwenn enfòmasyon sou rezon ki fè pwogram akonpayman an pa t janm efektif.

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here