Polis Nasyonal d Ayiti sanble detèmine pou mete bandi yo nan kondisyon pou yo pa ka fè mal ankò. Vre, Charles Junior, alyas « Ti Junior », chèf gang yo rele « Krache Dife » a, manm enfliyan e fondatè koalisyon G-9 Barbecue a, arete nan Beladè, madi 26 jiyè 2022 sa a. Yo arete madanm chèf gang lan tou, PNH anonse sou paj ofisyèl Facebook li.
Dapre enstitisyon polis la, kou sa a bandi k ap opere nan zòn « Madan Kolo » ak zòn ki antoure l lan pran an, fèt apre yon alèt.
Ann note « Ti Junior » gen 56 an. Yo akize l pou plizyè krim: asasina, vòl, asosyasyon malfektè, pami lòt.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





