Nan komin Dèlma, jedi 25 septanm 2021 sa a, jounalis Winchel Adrien te manke pèdi lavi l. Bandi ame te atake l pandan li te pou kont li nan machin li. Jounalis la sove lavi l, men machin li te kanmenm troue ak plizyè bal.
Ensekirite ap bat son plen nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens. Pèsonn pa egzante.
Alantou 6è nan maten, Winchel Adrien te dwe fè kèk komisyon kòm dabitid. Lè l pran wout Dèlma 29 ki te sanble kalm e kote moun ka pase, jounalis la tande yon detonasyon zam otomatik toupre machin li.
« Se lè m santi ekla vit yo ap rive sou mwen, mwen konprann se tire Neg ak zam ap tire sou machin mwen », li te konfime bay redaksyon Hebdo 24.
Vit dèyè machin li te domaje seryezman.
Paske l te kenbe san fwa l, Winchel te gen tan chape jis jis.
Natif natal Sen Lwi di Sid la pa t sepandan avèti polis la apre ensidan an, men yon jij de pè seksyon Sid la te prese vin konstate dega yo kèk tan apre.
Viktim nan te depoze yon plent nan komisarya Pòtoprens, li te fè nou konfidans pandan yon entèvyou.
Winchel Adrien se yon jounalis de karyè. Li ap travay depi yon ventèn ane nan radyo ak televizyon Caraïbes.
Ann raple konsè l, Frantzie Siméon, yo te kidnape jedi pase a, toujou nan men kidnapè l yo. Yo egzije gwo sòm twa (3) milyon dola ameriken kòm ranson pou yo libere l.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





