Inisyativ yo ap miltipliye pou santan ekriven Jacques Stephen Alexis (avril 1922-avril 1961). Akote semèn refleksyon ak jounen omaj pou memwa nonm politik ayisyen an, yo lanse yon apèl pou reflechi, pou pwomouvwa dekouvèt ak lekti zèv li yo ann Ayiti.
Ayiti Bèl, Fondasyon konesans ak libète, CIDIHCA ak Sosyete Ayisyen Istwa, jewografi ak jewoloji ap òganize yon konkou pou make panse otè Compère Général Soleil la sou tit: « Jacques Stephen Alexis: Reyalis mèvèye li, 100 an apre».
Soti 22 avril rive 22 jen 2022, patisipan yo ap gen pou elabore epi soumèt yon tèks sou youn nan twa sijè sa yo: « Kijan Jacques Stephen Alexis, atravè lavi l e/oswa zèv li, ka ede nou viv oswa konprann sa Ayiti tounen jodi a? »; « Poukisa woman ak lòt rasi Jacques Stephen Alexis yo ta dwe yon lekti fondamantal pou elèv Segondè ann Ayiti? » epi finalman, « Montre kijan Jacques Stephen Alexis rive marye nan zèv li yon gwo tandans endijenis, nasyonalis ak yon imanis inivèsalis ».
Apèl pou reflechi sa a adrese a tout popilasyon ayisyen an, sitou elèv nouvo segondè 3-NS 3 (reto) ak nouvo segondè-NS 4 (filo).
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 15 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





