Petèt se yon siy fòs lòd yo ap double efò nan lit kont trafik dwòg, an 2022. An efè, Biwo Lit Kont Trafik Dwòg (BLTS), ansanm ak gadkòt Sid yo, arete twa gason, pami yo yon Jamayiken, epi yo sezi yon kantite materyèl enpòtan, madi 4 janvye 2022, nan Sen Lwi di Sid.
Se Richeny Pauléus, 51 an, Yvelord Duperval, 35 an ak Stephens Preston, yon sitwayen jamayiken 35 an. Operasyon an te fèt nan lokalite « Ma Dèyè Lagon ». Trafik ilegal dwòg, se chèf akizasyon ki sou do twa gason yo.
Sou paj Facebook li, PNH presize yo konfiske tou 10 597 kg Mariwana, 105 750 goud ak plizyè materyèl elektwonik ak elektrik tankou yon jeneratris, yon vantilatè ak yon batri.
Dapre kèk obsèvatè, operasyon polisye sa a se prèv polis Sid la pa gen entansyon chita. Menm si popilasyon ayisyen an tann pi plis nan men PNH devan gang ame k ap enpoze lwa yo toupatou nan peyi a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





