Plizyè milye kretyen katolik patisipe nan pwosesyon tradisyonèl la nan okazyon vandredi sen, ki make tou kòmansman tridyòm pak la. Se yon fèt kretyen ki vize komemore pasyon, lanmò ak rezirèksyon Jezikri.
15 pawas vwazen nan achidyosèz Pòtoprens lan rasanble pou reyalize aktivite sa a ki kòmanse nan pawas Kris-Wa Linivè pou l rive Channmas, nan avni Repiblik la.
Devan yon cha mizikal, yon lanmè moun defile ak chaplè, krisifi ak lòt objè litijik nan okazyon pwosesyon vandredi Sen sa a. Jèn manm diferan gwoup, tankou KIRO, Scout, MEJ, deplwaye pou fasilite kòtèj la byen pase, anba je polis nasyonal la ki te veye ak bonvolonte.
Soti premye rive 14yèm estasyon an, yon gwoup jèn ap rejwe sa bib la rakonte sou arestasyon Jezi jiska lanmò l. Aspè teyatral sa a atire kiryozite moun k ap pase ak moun ki rete bò lari yo plis.
Chak estasyon, se youn nan 15 pawas ki patisipe nan òganizasyon evènman an ki monte l epi dekore l. Prèt yo, pandan meditasyon yo, ak lapriyè yo, entèsede pou popilasyon k ap sibi vyolans gang ame nan Matisan, Fontamara, Kwadebouke, nan Bisantnè, nan Pòtay Sen Jozèf, pami lòt.
Reveran Pè Frantzy Petit-Homme, youn nan lidè evènman sa a, montre rekonesans li anvè meri Pòtoprens ak polis nasyonal la pou kolaborasyon yo nan kad aktivite relijye sa a.
Nan 10yèm estasyon an, yo fè yon kèt pou pawas ki nan zòn difisil yo.
E finalman, nan apremidi, fidèl yo retounen nan pawas yo pou venerasyon Lakwa.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




