Mèkredi 18 novanm 2026

Kilti

Ayiti-OIF: yon omaj byen merite pou Frankétienne!

Pa Darling Valentin Cabé

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF) onore an gran, 17 mas 2022, Frankétienne, atis ki gen plizyè kòd nan banza l.

Reprezantan Ajans Inivèsitè Frankofoni (AUF) ak Anbasad Kanada ann Ayiti te patisipe nan seremoni sa a, moun yo t ap onore a pa t la fizikman akoz eta sante l ki frajil.

Nan okazyon an, reprezantan OIF la, Emmanuel Adjovi, pa rate okazyon pou l fè lwanj ko-fondatè espiralis la.

« Frankétienne se yon moniman, yon trezò nasyonal vivan…», responsab OIF la deklare avèk fòs.

Frankétienne, non konplè l Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent, se yon vrè « mons sakre », ki make Atizay kòm powèt, dramatij, pent, mizisyen, chantè.

Li fèt 12 avril 1936 nan Ravin Sèch (bouk nan komin Sen Mak nan depatman Latibonit), Frankétienne deja resevwa onè plis pase yon fwa pou gwo zèv li yo.

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here