Arete ki nonmen nouvo pèsonalite ki fè pati gouvènman an te pibliye 24 novanm sa a nan jounal ofisyèl Le Moniteur. Secteur Démocratique et Populaire byen reprezante nan ekip yo rele « konsansis » sa a.
Pandan non Emmelie Prophète t ap sikile sou rezo sosyo yo, se Premye minis Ariel Henry ki okipe ministè Kilti ak Kominikasyon. Malgre tanperaman l ki parèt cho, yo te remèsye Claude Joseph nan pòs Minis Afè Etranjè a, pou sitwayen Jean Victor Généus.
Sitwayen Ricard Pierre, manm enfliyan Secteur Démocratique et Populaire, ranplase Simon Dieuseul Desras nan ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn. Sitwayen Charlot Brédy toujou nan pòs li nan ministè Agrikilti, Resous natirèl ak Devlopman riral.
Rosemond Pradel, sekretè jeneral Pati Edmonde Supplice a, Fusion des sociaux-démocrates, nonmen minis Travay piblik, Transpò ak Kominikasyon. Sitwayen Berto Dorcé nonmen minis Jistis ak Sekirite piblik, pou ranplase Liszt Quitel yo akize de kidnaping. Sitwayen Nesmy retounen nan Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl.
Sitwayen Alix Larsen nonmen minis Sante piblik ak Popilasyon. Sitwayèn Raymonde Vital nonmen minis Jenès, Espò ak Aksyon sivik. Sitwayen Odney Pierre Ricot nonmen minis Afè sosyal ak Travay.
Pou lòt pòtfèy yo, Ekonomi ak Finans, Komès ak Endistri, Anviwònman, Enteryè ak Kolektivite teritoryal, Defans, Ayisyen k ap viv aletranje, Kondisyon fanm ak Dwa fanm, non yo poko devwale.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





