Se te yon doub fèt nan klib mitik Olympia, dimanch 17 avril 2022 sa a. Apre yo te ranvwaye l 13 fevriye ki sot pase a akoz mezi restriksyon gouvènman fransè a te enpoze pou pandemi covid-19 la, sware Nu Look sa a ap rete youn nan pi bèl paj nan istwa l. Kendjy Jeanty, animatè radyo ak temwen evènman make sa a, kòmante.
Sware sa a nan youn nan pi gwo teyat Pari te make tou 22 an Nu Look ak 25 an karyè Arly Larivière. Yon pari gwoup la genyen, Kendjy Jeanty, animatè radyo k ap viv an Frans depi 2016, endike depi okòmansman.
Pou Jeanty, fòk nou leve chapo tou pou gwoup Nu Look, akoz difikilte li te rankontre pandan dènye semèn anvan konsè a. An efè, nou sonje, yo pa t apwouve viza plizyè mizisyen gwoup la. Kidonk Arly te oblije pran sèvis mizisyen sou plas.
« Arly te konnen trè byen li pa t gen dwa fè erè. Jwe nan klib sa a se yon defi pou gwoup Konpa yo. Malgre difikilte li te rankontre, li te kontakte mizisyen ki gen anpil eksperyans pou sove sware a. E mwen ka di klèman se pi bèl sware Nu Look janm ofri piblik li », animatè ki soti Miragwàn nan endike.
Nu Look mize sou pwen fò l, sa vle di tout chante hit ki nan repètwa l. Anplis, Arly fè yon bon kou lè l rann Frè Déjean yo ak òkès Tropicana yon omaj vibran, lè l mete chante gwoup sa yo nan playlist li, animatè ki anime sou radyo Flamax vil kote l fèt la, Lafrans, fè remake.
Apre Tabou Combo an 2007 ak Carimi an 2012, Nu Look se kounye a 3yèm gwoup ayisyen ki konkeri Olympia.
Klib mitik sa a se youn nan pi ansyen mizik-hall yo, yo te inogire l an 1893. Li sitiye nan 9yèm awondisman Pari ak yon kapasite 1772 a 1996 plas chita oswa 2824 plas kanpe. Plizyè gwo non nan mizik mondyal te sou afich Olympia pandan de dènye syèk sa yo. Nu Look nan lis la kounye a.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





