Jedi sen sa a te dwe lansman 12yèm edisyon festival entènasyonal, mizik ak dans tradisyonèl vil Aken, ki sispann depi 2019. Pou rezon ekonomik e akoz travay restorasyon plas dam nan, piblik Aken an oblije tann ankò anvan l rejwenn tradisyon an.
Se te yon randevou Fondasyon Aken Solidarite (FAS) te lanse depi avril 2007, yon fondasyon moun Aken mete sou pye, ak Magguy Rigaud ak Magalie Comeau Dénis kòm lidè. Chak jedi sen, vil Julien Raymond lan te sèn youn nan pi gwo evènman kiltirèl nan Karayib la. Megastar ki sot an Afrik, an Ewòp, an Amerik latin ak nan Antiy te defile sou sèn vil la. Gwo non nan mizik ayisyen, tankou Tabou Combo, Mizik Mizik, Magnum Band, Zenglen, Ram ak Boukman Eksperyans te konn nan line-up evènman sa a yo rele « Destination Aquin ». Nou ka site tou atis tankou Jean Jean Roosevelt, Bélo ak BIC.
An 2020, pandemi COVID-19 la te fòse ekip la anile 12yèm edisyon an. Ane pase, yo pa t bay rezon anilasyon an, men nou te ka konstate jan travay reyabilitasyon plas dam nan, ki resevwa evènman an depi plis pase yon deseni, t ap mache dousman.
Ane sa a ankò, piblik la p ap gen dwa a “festival entènasyonal, mizik ak dans tradisyonèl” la.
Se yon pèt pou vil sa a ki resevwa plizyè milye touris chak ane, sitou pou ti komèsan yo, men tou pou kilti an jeneral.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





