18 avril k ap vini an pral make dis (10) an egzistans Klass. Pou okazyon an, y ap òganize yon gala pou anonse yon toune entènasyonal k ap kòmanse depi 23 avril 2022, Jean Hérard Richard, yo rele Richie, prensipal lidè gwoup la, anonse. Maestro a pral anonse katriyèm album Klass la ak yon mòso li pral devwale.
Ala tan an pase vit! Nou byen sonje kòmansman avanti sa a. Klass! Tout bagay pati de divòs ant Richie ak Zenglen oswa sa Eders Stanis, yo rele Pipo, ak Nu Look. Yon kout mas nan biznis la, men tou yon nouvo pwopozisyon. Melomàn yo te pè yon nouvo pwojè ki t ap kraze nan kèk ane, sa fè yon deseni li ap dire.
Ant 2012 ak 2022, dlo koule anba pon. Twa album, e byento yon katriyèm, prestasyon memorab, yon pwodiksyon ki byen fèt, ak anpil chante siksè. Ki sekrè yo? Yon melanj eksperyans, disiplin ak kalite, dapre Richie, nou jwenn nan telefòn.
Anpil aktivite prevwa pou make pakou sa a. Gwoup la pral an Afrik 18 jen k ap vini an, pandan depi 23 avril 2022, anpil vil Ozetazini pral gen konsè komemorasyon. Fanatik an Ewòp yo dwe tann jiska 25 jen e sa Kanada yo, 1ye jiyè 2022.
Sepandan, yon toune ann Ayiti pa posib pou kounye a, dapre tanbourinè gwoup la. Rezon an, ensekirite. Richie deklare li pa vle mete lavi kolaboratè l yo an danje.
« Menm si dènye toune nou ann Ayiti remonte a 2019, nou p ap pran risk. Si yon mizisyen deside pa ale ann Ayiti pou onore kontra, nou p ap ka fòse l, paske nou gen rezon pou nou konkli kondisyon sekirite yo pouri », direktè mizikal Klass la eksplike.
Anplis, nan yon semèn pou pi plis, Klass pral soti yon nouvo chante yo rele “10/10” k ap anonse ofisyèlman sòti katriyèm album ki pote menm non an. « Fè l vini avan » an 2013, « Fè l ak tout kè w » an 2016, « Ret nan liy ou » an 2019, atant lan te long.
« Dire lavi gwoup Klass la depann de fanatik li yo » Richie di, sou yon ton fyè e pou eksprime rekonesans li anvè piblik ayisyen an, li t ap bay, san ezite, yon 10 sou 10.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





