Rate gazolin nan ap kontinye nan Pòtoprens ak nan vil pwovens yo.
Peyi a kòmanse yon lòt semèn ankò ak rate pwodui petwolye. Prèske tout estasyon gaz Hebdo24 vizite yo fèmen. Chofè ak motosiklis ap pase anpil mizè pou jwenn likid presye sa a.
Yon nouvo semèn rive, sitiyasyon an rete menm jan an Ayiti. Pàn sèk la toujou ap toumante lavi Ayisyen ak Ayisyèn chak jou.
« Depi 6è di maten, m ap fè wonn zòn metwopolitèn nan pou chèche gaz, men pou granmesi », chofè taksi moto sa a plenyen.
« Mwen al nan avni Kristòf, mwen pase Tijo, Lalue, tout ponp yo fèmen », yon lòt chofè Taptap ajoute.
Se yon sitiyasyon ki vin pi konplike chak jou. Estasyon sèvis yo pa ka sèvi konsomatè yo.
Nan yon ponp gaz yo vizite madi maten, yo remake yon long liy machin ak motosiklèt. Bri a kouri ponpis yo pral kòmanse distribye gaz e chofè yo ap tante chans yo. Men, se pèt tan. Ponpis la kraze tout espwa lè l deklare pa genyen ankò.
« Nou pa fè retansyon isit la. Men kounye a, rezèvwa yo sèk », ponpis la jistifye.
E devan rate sa a, komès enfòmèl pwodui petwolye ap vin pi fò. E kèk chofè pa gen lòt chwa pase achte gaz yo ekspoze sou twotwa yo.
« Moto a se pen chak jou nou. Fò n travay pou n peye kontra a, epi apre sa jwenn kichòy pou n pote lakay. Nou pa gen lòt chwa pase pran gaz sa a malgre risk move kalite », Junior regrèt, chita trankil sou moto l.
Sikilasyon ralanti nan diferan zòn, blokis nan lòt, difikilte pou pasajè ak pasajèz jwenn plas nan transpò piblik, ogmantasyon pri kous yo, konsekans rate gaz la anpil.
Rate gaz se yon bagay ki toujou ap repete ann Ayiti depi plis pase dezan. E otorite ki konsène yo gen difikilte pou jwenn solisyon dirab. Nan kòmansman ane 2022, gouvènman an te anonse yon sibvansyon sible pou machin transpò piblik yo. Chofè yo te dwe resevwa kat petwolye pou evite ogmante pri trajè yo. Sepandan, jiska prezan, Leta ayisyen an poko pase de pawòl a lakay.
Rate gaz, gang ame ak lavi chè, yon move melanj ki fè lavi vin pi enposib chak jou ann Ayiti.
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




