Plizyè santèn fanmi k ap kouri pou lagè gang ame yo nan Plenn Kildesak al rete sou plas piblik Clercine. Abandone, nouvo deplase sa yo rete pou kont yo. Prive de prèske tout bagay, yo pa konn ki sen pou yo priye.
Tibebe, timoun, jèn ak granmoun. Gen tout kategori moun sou plas piblik sa a nan Clercine. Yo pa la pou yo detann yo, men pou yo jwenn refij. Moun sa yo te oblije pran kouri, abandone kay yo pou yo chape anba laterè gang ame k ap goumen nan Plenn Kildesak.
« A, sitiyasyon nou lamantab. Nou pa konn sa pou n fè », yon deplase di ak vwa l mare ak tristès.
Tout bagay te kòmanse nan nwit samdi 23 pou dimanch 24 avril, lè gang rival yo rele 400 Mawozo ak Chen Mechan kòmanse fè zam yo chante. Malfektè yo menm fè eripsyon nan kèk kay, sa ki fòse moun kouri.
« Nou leve dimanch maten nan kout zam sa yo. Premye bagay pou n te fè se te kache pitit nou anba kabann », yon sitwayen ki rete Kwadèmisyon rakonte.
Sepandan, kite zòn nan pa t fasil pou sitwayen sa yo.
« Nou pran kouri an kachèt. Paske, si bandi lòt kan an te kwaze nou, yo te ka touye nou », yon lòt deplase deklare.
E pandan deplasman fòse sa yo, majorite fanmi sa yo pa t ka pote anyen avè yo. Dra ak kèk rad, pou kèk ladan yo. Se ka Marlène, manman yon tibebe 10 mwa.
« Mwen pase nwit lan lakay yon zanmi. Mwen pa t ka pran anyen avè m. Sa ki te enpòtan se te sove po m », li di.
Se yon vrè kalvè pou moun sa yo.
Lévy gen 11 an. Òfelen papa ak manman, li rete Butte Boyer ak grann li. Timoun nan sonje kijan li te chape anba vyolans gang yo.
« Grann mwen ak mwen te mache a pye nan plizyè kote anvan nou rive lakay yon matant pou n pase nwit lan nan yon ti kay », timoun nan deklare.
Sabine, li menm tou, pran refij ak paran l sou plas la. Je l kole sou ekran android li, tifi a deja pè konsekans lagè sa a sou rès ane lekòl la.
Depi yo rive sou plas la dimanch, mizè plizyè dizèn fanmi deplase sa yo kòmanse. Isit la, yo manke tout bagay.
« Nou pa gen anyen ditou. Pa gen dlo. Yè, nou te manje espageti », yon sitwayen, papa 4 pitit, di.
Plizyè dizèn fanmi deplase sa yo nan bout fil. Devan absans otorite ki konsène yo, pou vin ede refijye sa yo, kèk sitwayen ak sitwayèn nan zòn nan tounen bon samariten.
Antretan, gang yo kontinye move zak yo. Y ap pran teritwa epi y ap fòse sitwayen trankil yo kouri. Tout sa, anba je pasif dirijan yo, ki touche chak mwa, ak lajan kontribyab yo.
Li tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





