Depi bonè maten lendi 2 me 2022, Plenn Kildesak ap bouyi. An efè, afwontman ame yo ap kontinye pou kontwòl teritwa, devan yon Polis Nasyonal ki pa ka jwenn fòmil pou mete bandi yo nan kondisyon pou yo pa fè mal ankò.
Lendi a, kèk nonm ki ame jis nan dan t ap defile nan komin Site Solèy san okenn pwoblèm, temwen rapòte. Bloke lari, paralize sikilasyon, bandi yo pa prive tèt yo gwo mwayen pou rann lavi difisil pou sitwayen trankil ki t ap eseye pou granmesi vake a okipasyon yo, paske yo te oblije retounen lakay yo.
Dapre kèk enfòmasyon, gang Jimmy Chérizier alyas Barbecue a reprann sèvis nan kòmansman mwa me sa a. Pandan nan Shada, Kwadèmisyon, Butte Boyer, Damien ak anviwon yo, gang « Chen Mechan » ak « 400 Mawozo » pa kalme, yo kontinye fè zam pale.
« Sèn lagè devan Barbancourt maten an. Moun ki rete nan kominote nou an nan Damien, se fanm ak timoun nan zòn nan k ap kouri anba bal. Dr Ariel Henry, kisa w ap fè?!!! », Delphine Gardère, nan konpayi Barbancourt, ekri nan yon tweet yon jounal sou entènèt repran.
Atmosfè lugubr sa a ki gouvènen Kwadebouke ak zòn ki toutotou l depi plizyè jou, klèman, se dènye bagay Gouvènman Ariel Henry ap okipe ki, jiska prezan, poko rann piblik okenn plan sekirite pou lapè retounen.
Li tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





