Madi 17 novanm 2026

Jistis

Ayiti-Ensekirite: Kèk atis ayisyen pale

Pa Richarson Bigot

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Jan sitiyasyon sekirite peyi a ap degrade a konsène kèk pèsonalite ayisyen nan sektè divètisman an. Ant dezespwa ak kòlè, kreyatè sa yo mete dwèt sou blesi a epi yo eksplike silans kòlèg yo.

Atis yo pa toujou pran pozisyon. Otosansi sa a gen lyen ak vilnerabilite kèk ladan yo, dapre BélO.

« Se akoz jan yo nan prekarite ak jan kesyon an frajil. Anplis, jiska prezan atis yo pa gen okenn asosyasyon atravè l yo ta ka eksprime yon pozisyon komen », entèprèt Lakou Trankil la eksplike, anvan l lanse yon apèl pou linite nasyonal pou sove peyi a k ap mouri ti kras pa ti kras.

Ded Kre-Z dakò ak li. Pou ansyen chantè Mystik703 la, si atis ayisyen yo pa angaje yo, se pou yo pa konpwomèt chans yo pou yo touche pen yo, atravè bal, festival, fèt chanpèt ak patisipasyon yo nan defile kanaval yo.

Pou Matyas Dandò, sijè a trè familye. Komedyen ak militan politik, atis la te oblije kite peyi a sou prezidans Jovenel Moïse, pou l chape anba pèsekisyon politik li t ap sibi akoz pozisyon l.

« Atis yo resevwa sibvansyon nan nivo palman an. Gouvènman an favorize yo nan festival oswa pandan defile kanaval yo, kidonk yo pito abandone kan moun ki pi vilnerab yo pou yo asosye yo ak pwostitye politik yo », Matyas endike.

Menm jan ak kòlèg imoris li a, pou Jean Maurice Délisma, kriz ayisyen an se pa yon blag. Jean Mau bay enkonpetans rejim PHTK a tout responsablite sitiyasyon aktyèl la. San jwe ak mo, imoris la kondane dirijan sa yo ki, pandan 10 dènye ane yo, te mete fèt yo an premye olye yon vrè pwojè sosyete.

Anplis, peyi a ap sibi konsekans move chwa l yo, dapre DJ Kemissa. Youn nan ra fanm ki disk-jokè, feminis ak jiris, li salye tout atis sa yo ki, pandan anfans li, te montre yon sèten angajman yon fason oswa yon lòt. Kémissa ap fè alizyon a denonsyasyon yo te jwenn nan chante ane 90 yo, sitou mizik rasin. Se inisyativ sa yo nou jwenn mwens e mwens nan mizik ayisyen an malerezman.

Antretan, ensekirite a ap enstale kòm yon eleman nan lavi chak jou Ayisyen e l ap vin pi grav depi omwen twa dènye ane yo.

Nan Matisan, Site Solèy, Plenn Kildesak, bandi yo ap enpoze lwa yo. Fanmi yo teworize epi yo oblije kouri kite zòn sa yo, ki tounen vrè teren lagè.

Anpil atis ak lòt pèsonalite nan milye divètisman an deja pran kouri, pou y al enstale yo swa nan peyi vwazen an, swa nan lòt peyi nan Amerik.

Pataje

Richarson Bigot

Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here