Plizyè santèn etidyan Fakilte Medsin Pòtoprens mache pasifikman, mèkredi 27 avril sa a nan kapital la, pou mande jistis ak reparasyon pou kamarad yo, Osny Zidor, yo te touye ak bal samdi 23 avril ki sot pase a.
Soti nan ri Oswald Durand rive Bwavèna, manifestan yo eksprime jan yo bouke ak ensekirite k ap grandi nan peyi a epi yo denonse jan otorite yo lage kò yo.
Lanmò etidyan Osny Zidor plonje kamarad li yo nan fakilte medsin nan nan yon gwo kòlè.
Wòch gaye isit ak lòtbò sou wout la, chèz mete sou wout piblik la. Sikilasyon an paralize nèt nan perimèt fakilte a. Abiye ak blouz yo, etidyan manifestan yo mobilize. Yo mande jistis pou kamarad yo.
« Osny Zidor pa merite sa k rive l la. Se te pitit peyizan, ki te sakrifye tèt li pou chanje kondisyon lavi l. Jistis pou Zidor », yo t ap scande.
Natif Ti Gwav, etidyan 5yèm ane medsin, Osny te pran yon bal nan kou nan Bwavèna, 23 avril ki sot pase a, pandan li te anndan yon minibis. « Krim abominab sa a revòlte nou tout nan FMP », yon etidyan soutni ak pankat li kote yo ekri « Nou viv, paske viv se yon dwa »
Aplike, senpatik, respektye, toujou pare pou kolabore, etidyan yo pa manke bèl pawòl pou pale de Osny Zidor, ki mouri, dapre yo, akoz enkonpetans ekip gouvènmantal la.
Sou tout pakou mach la, manifestan yo ap chante. Rèl dezespwa ak eslogan k ap mande lapè yo montre yon jenès ki pi dekouraje pase janm e ki bouke ak ensekirite.
« Nou bouke , nou pa kapab ankò », manifestan yo chante.
Li prèske midi. Manifestan yo pa okipe solèy cho a epi yo kontinye itinerè yo. Destinasyon: Bwavèna, kote krim lan te fèt la. Sou yon dra blan, yo depoze gwo bouke flè ak bouji bò kote yon foto defen an. Pou rann kamarad yo omaj, manifestan yo fè yon sèk epi yo kenbe bouji nan men yo.
Atmosfè a pito lugubr. Lè yo wè Osny Zidor yo a sou foto a, kèk etidyan pa ka konsole. Y ap kriye kou yon rivyè.
Nan Pòtoprens, anyen pa sèten, sòf lanmò. Soti samdi 23 rive mèkredi 27 avril, san plizyè inosan koule. Pami yo, Léger Boyer, yon jèn kad nan direksyon jeneral Enpo yo, yo touye nan Delmas 83 pandan yon tantativ kidnaping. Nou pa ka bliye 18 sivil yo touye nan lagè gang yo nan Plenn nan. E kounye a, se tou pa kiyès?
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





