Lendi 16 novanm 2026

Espò

Ayiti – Bahreyn, bal debitan yo

Pa Jean Pierre Etienne

· 2 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Seleksyon nasyonal foutbòl la ap fè fas ak omològ li Bahreyn mèkredi a a midi (lè Ayiti) nan match amikal. Okazyon pou seleksyonè a lanse yon vag jèn talan, pifò ladan yo gran piblik la pa konnen.

Plizyè kad seleksyon an tankou Arcus, Pierrot, Placide, Adé, Alcéus te refize konvokasyon Jean-Jacques Pierre dènyèman akoz prim match yo pa t resevwa. Seleksyonè nasyonal la pa t gen lòt chwa pase konvoke yon pakèt nouvo jwè pou de match amikal semèn sa a.

“Se jwè nou an kontak avè yo depi fevriye 2021, janvye pou kèk ladan yo. Yo te fè pati, ane sa a, plizyè pre-lis elaji”, Jean-Jacques Pierre presize.

Pami jwè sa yo, Shanyder Borgelin, 19 an, atakan gwo kalib (1m96) k ap jwe nan Philadelphia Union II Ozetazini. Li te jwe pandan dezan ak U17 ak U19 ekip sa a, kote l te make 20 gòl nan 53 match sou sezon 2017-2018 ak 2018-2019. An 2018, Borgelin te jwe pou Grenadye U20 yo, nan Eliminatwa Koup dimonn. Kòm jwè, li gen “yon pwofil ki sanble ak pa Frantzdy Pierrot”, dapre seleksyonè a.

Sebastien Elney (24 an) se yon lòt jwè pou swiv mèkredi a. Ansyen jwè New York Red Bulls II, li jwe kounye a nan Hartford Athletic, toujou nan USL Ozetazini. Yon pwofil Jean-Jacques Pierre estime trè enteresan kòm atakan oswa kòm jwè koulwa.

Fèt de paran ayisyen, Emmanuel François, pou pa l, ap jwe nan D4 Fransè. Milye teren, li te reprezante Ayiti nan Eliminatwa Jwèt Olenpik Tokyo yo. Deja an mas 2021, li te pale de fyète li santi lè l ap jwe pou peyi sa a. “Sa fè m plezi pou m pote mayo sa a”, li te di.

Yon lòt debitan mèkredi a, Johndly Van Der Meer, 19 an, fèt an Repiblik Dominikèn de paran ayisyen epi yo te adopte l nan Peyiba. Li jwe nan Cambuur SC nan premye divizyon neyèlandè. Non l regilyèman sou fèy match sezon sa a, men Van der Meer poko jwe yon sèl minit.

Anba limyè pwojektè yo tou mèkredi a, defansè Jean Fritz Boom (21 an) seleksyonè a an kontak kontinyèl avè l depi fevriye 2021. Li jwe nan dezyèm divizyon chipriyòt. Anplis, jèn gadyen Ismaël François (20 an – Willem II U21) ta dwe rezèvis pou match sa a kont Bahreyn.

Donald Guerrier tounen

Batèm dife pou jèn sa yo ki pral kanmenm jwenn sipò kèk kad tankou Sony Mustivar, Jonel Désiré e sitou Donald Guerrier, pi ansyen nan gwoup la, k ap fè retou l nan ekip nasyonal la. Anefè, li pa t jwe pou Grenadye yo depi mas 2021 ak viktwa kont Beliz 2-0 nan Eliminatwa Mondyal Qatar 2022 yo. Fòk nou note tou prezans Rénald Mételus, koekipye Duckens Nazon ak Stephane Lambèse nan Quevilly-Rouen Métropole (Ligue 2). Brian Sylvestre, Ashkanov Apollon, André Dulysse ak Bicou Bissainthe nan Manama tou, vil modèn, kapital Bahreyn.

Bahreyn se yon eta zile nan Arabi. Se pi piti peyi nan mond arab la an sipèfisi (758 Km2). Petwòl reprezante 60% ekspòtasyon peyi sa a. Ekip foutbòl Bahreyn nan kounye a 94yèm nan mond lan nan Klasman FIFA.

Pataje

Jean Pierre Etienne

Journaliste Sportif à Radio IBO depuis 2003, Jean Pierre Etienne a travaillé à la Télévision Nationale d'Haïti pendant 8 ans et à Télé Pacific pendant 2 ans. Il a couvert de nombreux évènements sportifs dont 4 Gold Cup aux Etats-Unis. Auteur de l'ouvrage "Au Coeur des Grenadiers" paru en 2020. Rédacteur Sportif à Hebdo24. Également Financier / Banquier de formation. Twitter : @jpehaiti

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here