Nan objektif pou fè moun konnen e rekonèt patrimwàn ayisyen an, “Asosyasyon Touristik Lakay” (ATOULA) lanse yon kanpay Edikasyon sou Patrimwàn an Ayiti. Soti 16 avril rive 30 jen 2021, senk depatman nan peyi a pral sèn yon seri aktivite estrikti sa a mete sou pye.
Ak objektif pou edike sou prezèvasyon ak valorizasyon patrimwàn ayisyen an, ATOULA, ki se yon asosyasyon kominotè ki kreye an 2016, fè pwomosyon kilti ayisyen an pandan l mobilize resous patrimonyal ak touristik yo.
Deja sou rezo sosyo yo, ATOULA ap lanse eslogan ak mesaj sansibilizasyon sou prezèvasyon ak valorizasyon patrimwàn yo. Yo chwazi jèn nan diferan kote pou patisipe nan kanpay sa a e gen lòt ki ofri tèt yo kòm volontè.
Gen aktivite ki pral lye ak kanpay sansibilizasyon sa a, tankou konferans-deba, fòmasyon ak edikasyon sou patrimwàn, vizit sit patrimonyal ak konkou tèks.
Plizyè gwo evènman entènasyonal pral pran an kont nan pwojè lwab sa a,
dapre Katiana Antoine, Responsab kominikasyon ATOULA.
Ap gen yon aktivite ki pral make chak evènman sa yo. Jounen mondyal atizay ki prevwa pou 15 avril ak jounen mondyal lit peyizan 17 avril. Jounen entènasyonal moniman ak sit 18 avril, Jounen tè a 22 avril, jounen entènasyonal dans 29 avril, jounen mondyal touris responsab e respektye 2 jen, jounen mondyal anviwònman 5 jen, jounen mondyal oseyan an ak jounen entènasyonal achiv yo p ap pase inapèsi.
Kou donvwa ofisyèl kanpay sa a pral bay vandredi 16 avril 2021 a 10è nan maten ak yon konferans nan lokal IERAH/ISERSS, antite Inivèsite Leta d Ayiti, sou tèm “Nan orijin patrimwàn ayisyen an, Eta lye ak règleman”.
Mesye Frantz Délice, doktoran an patrimwàn ak Etnoloji, ki se Direktè Patrimwàn kiltirèl nan Ministè kilti ak kominikasyon tou, ak Madan Lovely Amaza, politològ e filozòf, pral entèvenan nan lansman ofisyèl sa a. Kominikatè sosyal ak pwofesè Nazaire Joinville, ki se youn nan anbasadè ATOULA, pral jwe wòl moderatè.
Anpil aktivite prevwa nan kapital la pou mwa avril, men apati mwa me, aktivite sa yo pral gaye nan Sid, Sidès, Nò ak Sant.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




