Asosyasyon Jèn Aktè pou Chanjman (JEACHA) te reyalize, dimanch 10 oktòb 2021 sa a, soti 9è nan maten rive 3è nan apremidi, nan lokal Académie Nationale Diplomatique et Consulaire, Babyòl, yon seyans similasyon Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ak patisipasyon yon ansanm etidyan nan diplomasi ak lòt disiplin ki konekte, kòm Reprezantan Eta OEA yo, sou tematik: Dwa Moun, Koripsyon ak Ensekirite.
42 etidyan ki soti nan plizyè inivèsite nan peyi a te, nan yon anbyans diplomatik, fè pozisyon peyi yo reprezante pase sou pwoblèm ensekirite, koripsyon ak vyolasyon dwa moun k ap fè ravaj nan rejyon ameriken an. 35 delege ak 4 manm obsèvatè (ONI, CARICOM, Inyon Afriken, Inyon Ewopeyen) te pwononse diskou yo youn apre lòt apre yo te fin vote diferan pwopozisyon yo ki dwe kanpe pwoblèm sa yo nan rejyon an.
Se nan yon sal ki te chaje ak moun òganizatè inisyativ sa a te pèmèt jèn yo fè valè yo. Piblik la te trè atantif. Ou te ka li sou figi patisipan yo siy satisfaksyon chak fwa yon delege te pran lapawòl.
Lè yo poze l kesyon sou enpòtans aktivite sa a ak chwa OEA a, Marcken Love Gloire Gens Guerrier, kowòdonatè JEACHA, te soutni “Modèl OEA” se yon similasyon travay Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo ki gen pou objektif inisye etidyan yo nan teknik negosyasyon entènasyonal. Devan yon sitiyasyon kriz yo pwopoze, gwoup etidyan fòme pou defann enterè yon peyi.
Anplis premye objektif aktivite sa a, Marcken Love G. G. Guerrier te kenbe pou l raple li gen lòt objektif ki byen lwab.
“Favorize konpreyansyon faktè ak mekanis ki oryante politik etranjè Eta manm OEA yo; Ilistre enpòtans diplomasi, negosyasyon ak konpwomi nan rechèch solisyon komen pou kesyon rejyonal yo; Favorize entèaksyon kiltirèl; Evalye enpak politik global la sou peyi emisfè a; se pami prensipal objektif Asanble Jeneral JEACHA òganize sa a vize.
Ak sig “JEACHA”, Asosyasyon Jèn Aktè pou Chanjman (JEACHA) fonde 15 me 2015 Pòtoprens. Li travay bò kote jenès ayisyen an sitou nan domèn Relasyon Entènasyonal ak Diplomasi. Prensipal objektif li se sansibilize e responsabilize jèn yo pou yo patisipe nan batay pou chanjman Ayiti.
Billy Doré est journaliste à Hebdo24. Il a débuté sa carrière depuis 2018 en collaborant à bon nombre de médias en ligne. Billy Doré est actuellement étudiant finissant en Relations Internationales à l'Université d'État d'Haïti (UEH).
Tout atik li yo




