
Kèk anketè Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) reyini pou denonse pratik ki pa akseptab anndan enstitisyon an.
Nan kad pwogram Apui pou Travay ak Fòmasyon (PAEF), pwofesyonèl sa yo kritike non sèlman move salè yo resevwa ak reta nan peman, men tou enkoyerans òganizatè pwogram nan, ki bay sibvansyon a paran elèv ki deplase akoz ensekirite.
Anketè yo, ki poko resevwa 25 000 goud yo pou ankèt yo te fè a, souliye salè yo bese anpil, li dis fwa pi piti pase sa yo te touche nan ankèt anvan yo.
Dapre plizyè temwayaj, se premye fwa FNE nan yon degradasyon konsa, sa ki fè moun gen dout sou konpetans direksyon l.
Anketè sa yo bay yon ultimatòm: si yo pa regle salè yo nan 24 èdtan, yo ka lanse aksyon pwotestasyon.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yo




