Lendi 16 novanm 2026

Kilti

Anie Alerte, yon atis ki gen yon vwa eksepsyonèl

Pa Darling Valentin Cabé

· 4 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Portrait d'une femme noire avec une grande coiffure afro et un vêtement coloré

Pami fanm ki prete vwa yo bay mizik ayisyen an, non Anie Alerte se pou n kenbe l. Li fè diferans ak sans patriyotis li. Talan li eksepsyonèl e li travay di pou l rive nan tèt mòn nan. Célébrité Magazine envite w fè yon plonje nan lavi atistik natif Okap la.

Fanmi manman l ki elve l nan komin “Les Perches”, li rive, pa san obstak, fè yon non pou tèt li nan milye kiltirèl ayisyen an e menm lòt bò fwontyè yo. Se 6 jen 1993, Okap, Anie Alerte Joseph fèt, pitit yon fanm ki rele Anita Joseph.

Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G

Elve nan yon fanmi monoparantal, li resevwa yon edikasyon pwotestan, sa ki, dapre li, te anpeche manman l pran yon karyè nan mizik. “Manman m te konn chante byen anpil men, akoz papa l, li pa t ka eksplwate talan li”, li rakonte.

Apre li fin fè etid klasik li, li jwenn kèk diplòm fen etid inivèsitè “Mwen te ka doktè, men desten te vle pou m sou sèn”, li di nou ak yon vwa ki plen fyète.

Premye pa nan mond mizik la

Menm jan ak anpil lòt atis nan milye mizik ayisyen an, li te kòmanse legliz. Kapwaz la te deja pran plezi koute manman l chante lakay. Anie te grandi tou ak vwa Jacques Sauveur Jean, Erol Christophe e, bò kote gwoup, Tabou Combo. Li te deja ap fè espektak nan tèt li.

“Lè m t ap tande manman m, plizyè chante ki te fè pati lavi m chak jou, mwen te deja wè tèt mwen sou sèn, ap anime yon piblik. Mwen te vrèman vle vin chantèz”, li konfye ak yon lè byen kontan.

Li sonje eksperyans ki fòje moun li ye jodi a. “Mwen te konn patisipe nan konkou chante nan legliz mwen. Se la tout bagay te deklanche. Mwen goumen pou m fè moun konnen bò sa a nan mwen. Anplis, se te pi gwo rèv mwen”, li konfye.

An 2008, li patisipe nan konkou Digicel Stars e li te 2yèm laureya, pandan li pa t menm gen dizuit an ankò. Mwens pase yon ane apre, li pral reprezante drapo ble e wouj la nan yon lòt konkou Gwadloup, Défi Lycéen. E jan li te pwomèt fanmi l, li soti ak premye pri a. Sa fè l jwenn rekonesans sou tè Gwadloup.

Reyalizasyon ak lòt fasèt

Chantèz la gen plizyè tit sou kont li ak anpil kolaborasyon. Soti nan “Pi bon zanmi mwen”, mòso ki te ede l fè wout li, rive nan dènye kolaborasyon li ak Paul Beaubrun, “Kriye”, chantèz Anie Alerte patisipe nan anpil pwojè tankou “Haiti, coeur de femme”, “Eritaj” Yole Derose. Li mete vwa l sou albòm tankou “All of God” Shedly Abraham. Sa louvri chemen pou l karese yon rèv: kolabore ak idòl li, atis li “tout kategori konfonn”, jan li di l, Amstrong Jeune.

Anie Alerte Joseph se chantèz, se vre, men nou pa ka pale de reyalizasyon l yo san nou pa salye patriyotis li. Apa milye mizik la, se pou n lonje dwèt sou vwa “Ou pa t janm renmen m” lan lè n ap pale de kouraj ak patriyotis. Kiyès ki pa sonje kontribisyon l nan konstriksyon kanal sou rivyè Masak la? Travay sa a ede dekouvri fasèt sa a Anie Alerte malgre anpil difikilte li te rankontre. Fòk nou ajoute atis la deja sèvi ak platfòm li yo pou l vin an èd viktim tranblemanntè 14 out 2021 la nan Okay.

Moun ki te jwe “Defile la folle” nan “Eritaj” la ak ekip li te viktim yon atak bò Terrier-Rouge an septanm 2022, pandan yo te sou wout Fò Libète (Depatman Nòdès) nan kad yon klinik mobil. Popilasyon an te bat manm delegasyon sa a, ki te gen doktè ak atis ladan l.

Li te gen anpil difikilte pandan wout li men li deside gade vè a mwatye plen. Anplis, si n kwè sa l di, mizik se tankou yon zam de bò koupe. “Mwen te gen anpil rezon pou m abandone mizik men mwen rive kanmenm fè l konnen atravè menm kanal sa a e sa libere m”, li di ak kè kontan.

Anie chante lavi l. Li pa wont di l byen fò. Li eksprime tout emosyon l atravè “Mal”, yon chante ak videyo ki soti kèk mwa apre li te viv yon moman terib nan lavi atis li. Sa pa t fasil ditou pou chantèz la, men li kontante l di pati sa a nan lavi l pèmèt li dekouvri tèt li plis. Sou plan emosyonèl, konpòtman, pami lòt.

Pwojè k ap vini

Manman twa pitit la, youn byolojik ak de adopte, ap prepare pou l ofri fanatik li yo yon bagay talè konsa. Anfèt, albòm solo atis la p ap pran tan pou l vini e fwa sa a, li pran swen trete lòt sijè.

“Pou respè fanatik mwen yo, mwen pa chante lavi m nèt sou albòm nan”, li fè konnen.

Yo pa kominike nou anyen sou albòm nan. Nou pa konnen ni tit la ni dat li ap soti men vwa “Kenbe m” nan sètifye l ap disponib anvan fen ane sa a.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here