Sal Franck otèl Montana te akeyi seremoni gradyasyon plis pase 70 diplome Académie Nationale Diplomatique et Consulaire (ANDC) dimanch 5 desanm 2021. Nan yon kontèks sosyo-ekonomik difisil ak ensekirite jeneralize, pwomosyon « Sirus » ki soti nan syans jiridik, Sekretarya Diplomatik ak Relasyon entènasyonal ANDC di li pare pou l fè plas li sou mache travay la.
Se devan kò pwofesè Akademi an, diplomat, diyitè ayisyen, paran, zanmi ak manm laprès, seremoni sa a te dewoule. Li te dedye a memwa diplomat Myrtho Bonhomme, fondatè Akademi an, ki te kite yon bon souvni.
Diplome Rithroode Legrand, ki te pòtpawòl pwomosyon an tou, te mete aksan nan entèvansyon l sou gwo sakrifis paran chak diplome te fè pou siklis etid sa a reyisi.
« Pasaj nou nan Inivèsite a te make tou pa yon klima kontradiksyon ideyolojik, diskisyon, deba ni sou plan entènasyonal ni sou plan nasyonal (…) », nou ka li nan kòmansman diskou l.
Madmwazèl Legrand, nan non kamarad li yo, te fè konnen nan diskou l ke yo patikilyèman enkyete pou sitiyasyon peyi a kounye a.
« Jan nou ka konstate, pa gen okenn dout ankò deba konstitisyonèl ak enstitisyonèl la vin pi wo e pi fon an Ayiti pandan dènye ane sa yo. Epi nou ka obsève lavi politik ayisyen an san nanm, li de pli zan pli kesyon chwa estratejik ki ale kont enterè nasyonal yo, e pa kalkil pèsonèl, pa mank volonte, klas politik ayisyen an refize fè chwa ki endispansab pou pwogrè peyi nou », li te ajoute.
Paske yo te kontribye nan siksè etid yo, yo te bay plak donè ak pwofesè ki, yo menm tou, te fè anpil sakrifis, dapre moun ki konsène yo.
An maj seremoni sa a, Mesye Steven Gregor Gabriel, Responsab kominikasyon ak evènman ANDC, devan mikwo laprès, te di aktivite sa a se yon siksè total. Nan menm lide sa a, Mesye Gabriel vle rasire tout moun ke Akademi an p ap janm fè bak sou misyon l, ki se fòme kad ak pwofesyonèl pou itilite peyi a.
Pou pa l, rektè a, Mesye Fritz Bonhomme, frè defen Myrtho, yon nonm ki pa pale anpil e ki rezève, te fyè paske li te kontribye nan fòmasyon plizyè jenerasyon ki, jiska prezan, fè fyète enstitisyon an. Mesye Bonhomme pwomèt ANDC ap rete kole ak misyon sakre l, ki se byen fòme jèn yo pou ofri kominote a pi bon konpetans.
Avocat au barreau d'Aquin, journaliste et amant de la lecture et l'écriture, Richarson Bigot se donne corps et âme au journalisme. Un métier auquel il s'adonne depuis plusieurs années à travers des médias de renom. Depuis 2019 il est membre de l'émission Mardi Alternative diffusée sur Caraïbes FM. Originaire de l'Asile, Richarson Bigot veut que sa plume soit toujours utile à la société haïtienne qu'il porte dans les tréfonds de son coeur.
Tout atik li yo




