Nan aswè dimanch 23 janvye 2022, komin Petyonvil te an plen bouyon. Ri Panameriken an te sèn yon evènman ki pa òdinè ki atire yon foul san parèy k ap chèche plezi ak defoulman. Se te lansman ofisyèl aktivite pre-kanaval nan komin sa a. Anbyans, animasyon ak plezi; tout te la. Yon lòt fwa ankò, Team Madada revele l kòm lidè rabòday, stil mizik iben sa a ki vin trè popilè ann Ayiti.
Pou premye patisipasyon l, sèt manm yo, Mr Deng (James Fortuné), Colmix (Collason Fortuné), Lover Jay (Smith Love Louissaint), Blanc K-Do (Ricardo Petit), The-Way (Jerry Barthelemy), Reflex (Stevenson Jean Julien) ak Top NJ Man (Holaph Jean Noël), bay yon pèfòmans ki koupe souf. Gen rezon pou yo fyè.
Soti Delmas 56 pou l rive devan Muncheez nan Petyonvil, cha mizikal gwoup maestro Colmix la rale yon lanmè moun dèyè l. Chak mòso yo lanse fè plis efè sou piblik la ki pa t ka fè anyen eksepte kite kouran desibèl yo pote l ale. Kanavalye yo te sanble menm bliye gwo enkyetid moman an: ensekirite.
Yon pakou ki reyisi
Se premye patisipasyon Team Madada nan fèt kanaval Petyonvil. Mr. Deng, atis talantye sa a ki jwe wòl manadjè tou nan Team nan, bay tèt li yon satisfecit. Dapre li, se te yon pari totalman reyisi pou gwoup la ki deja konfime patisipasyon l nan defile wikenn pwochen an.
Team Madada ouvè pou espons
Si Team Madada te ka fè fanatik li yo danse dimanch pase a, se gras a fidèl e vanyan espons li a Clairin Lakay ki te peye tout depans yo. « Nou rekonesan anvè Clairin Lakay ak pwopriyetè l, M.Éric Jean-Jacques. Nou fyè pou nou ka konte sou yon antrepriz lokal tankou Clairin Lakay ki kwè, menm jan ak nou, nan pwomosyon divèsite kiltirèl ayisyen an », James Fortuné deklare, li mande lòt espons vin jwenn yo pou yon pi bon enpak.
PDG Clairin Lakay, nonm biznis Éric Jean-Jacques, repete menm apèl sa a tou, li menm tou eksprime fyète l pou kolaborasyon ki bay bon rezilta ak jèn atis yo. Nan menm lojik la, antreprenè a te kenbe pou l remèsye tou ansyen majistra Petyonvil, Mme Yvanka J. Brutus ak Toto Beat paske yo te kontribye pou premye patisipasyon Team Madada nan fèt sa yo te yon siksè total. Konsa tou, li ankouraje antreprenè ak tout kouch sosyete a kontribye pou kanaval la, ki nan je l se pi bèl fèt popilè ayisyen, kontinye egziste.
Team Madada ak pwojè l yo
Nan HMI a, yo wè Team Madada kòm yon fenomèn. Tib li yo ap fè fiwò nan klib kou nan salon. Se yon gwo fyète pou jèn ri St-Honoré yo ki estime yo kontan paske yo te ka amelyore imaj rabòday la yo te twò lontan asosye ak delenkans ak denigreman fanm ayisyèn. Jodi a, se tandans mizikal ki fè moun danse anpil sa a gwoup la gen entansyon pote nan nivo entènasyonal ak pwochen sòti yon premye album.
Li tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





