Madi 17 novanm 2026

Sekirite

Anba je san fòs CPT a ak Alix Didier Fils-Aimé, gang ame yo anvayi Solino

Pa Jenny Toussaint

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Deux hommes en costume se serrant la main devant un rideau tricolore bleu blanc rouge

Solino tonbe. Gang ame kowalisyon « Viv Ansanm » nan atake katye popilè e chaje moun sa a nan Pòtoprens, jedi 14 novanm 2024 sa a.

Abitan Nazon, Kris Wa ak zòn ki toupre yo oblije kouri pou yo pa kite po yo. Se plizyè dizèn fanm, gason ak timoun yo remake, nan dènye retranchman, nan lari yo, k ap kouri pou laterè bandi ame yo.

Pandan sa a, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak nouvo Premye minis Alix Didier Fils-Aimé angaje nan separasyon gato a (pouvwa a), yo pa kapab mete nouvo gouvènman an sou pye.

Pataje

Jenny Toussaint

Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24

Tout atik li yo